Español English French Kwéyol

Ayiti-Politik : Pati politik Pitit Desalin leve lavwa kont sa li rele « krim politik », k ap fèt nan katye popilè yo

Pòtoprens, 10 septanm 2020 [AlterPresse] --- Pati politik Pitit Desalin leve lavwa kont sa li rele « krim Politik », li di k ap fèt divès kote nan peyi a, tankou Bèlè, Site Solèy, Dèlma, elatriye, nan kad yon kozman ak laprès li bay mèkredi 9 septanm 2020 an, ajans AlterPressse te suiv.

Toutotan pa gen anyen ki fèt, kont moun k ap distribiye zam nan katye popilè yo, sitiyasyon vyolans sa a p ap janm chanje, dapre sa Jean Charles Moïse, sekretè jeneral pati politik Pitit Desalin, fè konnen.

Pati politik Pitit Desalin mande popilasyon an leve kanpe, pou ranvèse sitiyasyon difisil peyi a ap viv depi kèk tan.

2 moun pran bal, plizyè kay boule, se premye enfòmasyon, sou yon lòt atak gang ak zam, nan katye Bèlè, mekredi 9 septanm 2020 an. [rf emb rc apr 10/09/2020 10:15]