Pòtoprens, 10 septanm 2020 [AlterPresse] --- Plizyè santèn elèv lise nan Pòtoprens, tankou lise Tousen Louvèti ak lise Petyon, pran lari, yon lòt fwa ankò, mèkredi 9 septanm 2020 an, pou kontinye egzije pwofesè nan sal klas yo ak pi bon kondisyon aprantisaj, dapre sa ajans AlterPresse te wè.
Elèv yo denonse konpòtman otorite lapolis yo, yo di ki pa sispann simen gaz lakimojèn sou yo, alòske y ap fè revandikasyon yo pase.
Yo antann kontinye rete mobilize, jiskaske revandikasyon yo satisfè.
Pandan mouvman an, elèv lise yo, ki te antre nan lokal Kolèj Kanado ayisyen nan Tijo, kraze divès materyèl nan sal klas kolèj lan.
Yo te tire kout wòch sou lokal Kolèj Kanado ayisyen, rache baryè prensipal la a epi kraze plizyè vit lekòl la. [rf emb rc apr 10/09/2020 10:00]