Pòtoprens, 10 septanm 2020 [AlterPresse] --- 2 moun blese anba bal, plizyè kay boule. Se premye enfòmasyon, sou yon lòt atak gang ak zam, nan katye Bèlè, mekredi 9 septanm 2020 an, dapre temwayaj ki vin jwenn ajans AlterPresse.
Bri kout zam sa yo te lakoz gwo tansyon ak panik, nan divès katye, nan kapital lan, Pòtoprens.
Anpil moun nan Bèlè kontinye ap kouri kite lakay yo, san yo pa konnen ki kote yo prale.
Moun Bèlè kontinye lonje dwèt sou gwoup gang ak zam yo, ki pa sispann simaye laterè nan zòn yo.
Nan zòn Dwouya, Bwa 9 ak sou Bisantnè a, toupre palman ayisyen an, te gen kawoutchou ki t ap boule, detan kout zam t ap fè mikalaw, divès kote, nan kapital lan, mèkredi 9 septanm 2020 an. [rf emb rc apr 10/09/2020 09:47]