Pòtoprens, 8 septanm 2020 [AlterPresse] --- Jovenel Moïse ta vle sèvi ak manda prezidan an, pou aji yon fason ki depaman ak Konstitisyon peyi d Ayiti an. Se dizon Blòk demokratik pou redresman nasyonal lan, ki t ap pale ak AlterRadio/AlterPresse.
Alatèt pati politik sa a, Victor Benoit, kwè tout moun, ki respekte manman lwa peyi a, p ap janm sipòte Jovenel Moïse nan demach l ap fè nan tèt peyi an, pou l òganize eleksyon.
Jovenel Moïse p ap gen tan pou l fè ankenn eleksyon, jan l vle fè kwè sa a, paske manda li an ap bout 7 fevriye 2021, dapre Konstitisyon an.
Jovenel Moïse vle mete yon komisyon sou pye, ki ta gen pou misyon mete kanpe yon asanble pou tabli yon lòt Konstitisyon.
Pou sa ta posib, fòk ta gen yon palman, ki la, ki ta kapab deside travay nan asanble, pou tabli yon lòt Konstitisyon, dapre Blòk demokratik pou redresman nasyonal lan.
Si pa gen palman, jan sa ye nan peyi a jounen jodia, depi mwa janvye 2020 an, fòk prezidan an ta jwenn yon akò politik ant reprezantan pouvwa a, opozisyon an ak sosyete sivil la.
Si sa pa fèt konsa, se nan wout diktati Jovenel Moïse ap kontinye foure tèt li, dapre pati politik Blòk demokratik pou redresman nasyonal lan. [rf emb rc apr 08/09/2020 10:15]