Pòtoprens, 07 septanm 2020 [AlterPresse] --- Prezidan Jovenel Moïse di, yon lòt fwa ankò, li pase bonjan lòd, pou ankèt, sou kò sasinay 28 dawout 2020 an, sou mèt Monferrier Dorval lan, ta fèt pi vit.
Tout moun, ki gen men yo tranpe, nan kò sasinay sou mèt Monferrier Dorval lan, dwe jije epi resevwa sanksyon, jan lalwa mande sa, dapre Jovenel Moïse, ki t ap pale, nan moman yon seremoni pou lanse pwojè pou ranfòse rezo kouran elektrik yo nan Pòtoprens.
Nan okazyon an, Jovenel Moïse te pwofite ankò lonje dwèt sou kèk gwoup ekonomik, li bay pote chay klima laterè, k ap layite nan peyi a.
Avoka Pòtoprens yo te di yo pran distans yo ak tout demach, gouvènman an ta fè ki konsènen wete chapo douvan defen mèt Monferrier Dorval, bandi sasinen vandredi swa 28 dawout 2020. [rf emb rc apr 07/09/2020 10:10]