Pòtoprens, 07 septanm 2020 [AlterPresse] --- Vyolans moun ak zam ap plede fè, nan plizyè kote nan peyi a, sitou nan katye popilè yo, se rezilta yon atitid manfouben, lakay yon pati nan popilasyon an, ki asepte ekip tèt kale, ki sou pouvwa an, ap fè sa l pi pito, jan l pi pito.
Se dizon òganis dwa moun Kolektif defansè plis, ki te pale ak AlterRdio/AlterPresse.
Si otorite konsène yo pa pran dispozisyon pou frennen fenomèn sa a, nan peyi a, popilasyon an kapab wè zak vyolans yo ogmante plis, pase jan sa ye jounen jodya.
Nan apremidi 31 dawout 2020 an, bò 5è, yon gwoup moun ak zam te atake zòn Bèlè, ki twouve l nan sant vil Pòtoprens la. Yo tire anpil kout zam, mete dife nan plizyè kay epi blese plizyè moun.
Menm mooun ak zam sa yo te retounen, mèkredi 2 septanm 2020 an, sou Bèlè, kote yo blese anpil moun ak bal epi mete dife ankò nan divès kay. [rf emb rc apr 07/09/2020 10:05]