Español English French Kwéyol

Ayiti-Krim : Zak sasinay sou mèt Monferrier Dorval la montre kouman y ap pase anba pye lavi moun nan peyi a, daprè plizyè òganizasyon

Pòtoprens, 31 dawout 2020 [AlterPresse] --- Zak sasinay sou mèt Monferrier Dorval la montre kouman y ap pase anba pye lavi moun nan peyi a, daprè entèvyou Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo (Rnddh) bay AlterRadio/AlterPresse.

Mèt Monferrier Dorval mouri sasinen vandredi 28 dawout 2020 an, ak 64 lane sou tèt li. Se nan dat 10 juin 1956, li te fèt nan Grande Saline, depatman Latibonit.

Soti 1997 rive mwa dawout 2020, otorite nan Leta yo depanse anpil lajan, nan mete gang ak zam kanpe.

Ane sa a, yo kreye gang G9 alye ak fanmi. Pa gen okenn kote, yon moun ka konsidere li gen sekirite nan peyi a.

Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo di li espere otorite yo pa pral ansasinen Monferrier Dorval yon lòt fwa ankò, nan fè politik sou do l.

Sou bò pa l, Inisyativ sosyete sivil lan fè konnen zak sasinay sou mèt Monferrier Dorval la montre kouman enpinite a ap layite nan peyi a.

Li ekzije bon jan dispozisyon, bò kote otorite yo, pou frennen machin lanmò sa yo, sou teritwa nasyonal lan.

Inisyativ sosyete sivil lan deklare li nesesè pou sitwayèn ak sitwayen yo pote kole, yon fason pou yo ka mete peyi a sou chimin lapè.

Sa k ap pase nan peyi an makònen ak politik. Ekip tèt kale, ki sou pouvwa an, ap chèche fè tout moun pè, ni moun ki nan politik, ni moun ki nan òganizasyon sosyal yo. Tout popilasyon an li menm, ekip tèt kale, ki sou pouvwa a, vle fè l gen lapèrèz. Se dizon pati politik Fizyon sosyo demokrat yo, apre kò sasinay sou mèt Monferrier Dorval lan, vandredi 28 dawout 202a an, nan Pèleren 5, Petyonvil, nan menm zòn kote prezidan Jovenel Moïse rete a. [rf jep emb rc apr 31/08/2020 14:40]