Pòtoprens, 26 dawout 2020 [AlterPresse] --- Tout aktivite yo pa ta lwen kanpe nan administrasyon piblik lan, si gouvènman an pa pran bon jan dispozisyon pou satisfè revandikasyon anplwaye yo, k ap mande pi bon kondisyon travay, dapre sa ajans sou entènèt AlterPresse aprann.
Se dizon Platfòm nasyonal sendika enstitisyon piblik yo (Plansit), nan yon konferans pou laprès li bay madi 25 dawout 2020 an.
Egzèsis fiskal 2019 - 2020 an pa dwe fini, san gouvènman an pa ogmante salè anplwaye yo, ba yo kat debi epi asirans pou anplwaye leta yo.
Se revandikasyon Platfòm nasyonal sendika enstitisyon piblik yo.
Anplwaye Leta yo menase pase nan yon lòt faz, anvan lontan, nan mouvman yo an, si otorite yo pa satisfè revandikasyon sa yo. [rf emb rc apr 26/08/2020 14:36]