Español English French Kwéyol

Politik/Anviwonman : Apre dega siklòn Laura, plizyè òganizasyon mande yon leve kanpe pou dechouke pouvwa Kale Tèt la, pou Ayiti pa disparèt

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse nan dat 24 dawout 2020

Kominike yon ansanm òganizasyon ak regwoupman sou dega siklòn Laura fè sou peyi a / 24 dawout 2020

Noumenm òganizasyon ak regwoupman òganizasyon, ki siyen kominike sa a, nou endiye epi revòlte douvan dega siklòn Laura an fè sou peyi a, pandan yon ti bout tan, akoz neglijans otorite yo.

Pandan pasaj siklòn nan, anviwon 11 moun mouri, plizyè konpatriyòt nou disparèt epi yon dividal kay kraze. Nan seksyon kominal yo, anpil bèt ak jaden gen tan disparèt, nan yon kontèks kote otorite yo nan Leta a deja ap fè dappiyanp sou tè peyizan yo. Peyi nou an vin pi frajil, chak jou pi plis. Kèk goutyè lapli sifi pou mete peyi a nan yon sitiyasyon katastwòf.

N ap pwofite okazyon sa a pou nou voye senpati nou bay tout fanmi moun ki mouri yo, moun ki pèdi kay yo ak tout peyizan, ki pèdi bèt yo ak jaden yo, nan kontèks difisil sa a. Konpòtman manfouben ak kriminèl otorite yo, ki pa t fè yon veritab travay sansibilizasyon, pou te evite dega sa yo, montre aklè peyi a bezwen lòt dirijan responsab, konpetan, ki pa konwonpi epi k ap travay nan enterè popilasyon an, patikilyèman klas defavorize yo.

Sitiyasyon sa a se rezilta pwojè piyaj, ki tabli nan peyi a depi debakman espanyòl yo, pase pran kolonizasyon franse yo, rive nan okipasyon 1915 lan. N ap raple, nan moman debakman militè ameriken yo nan dat 28 jiyè 1915, Ayiti te gen yon kouvèti forè ki te nan 60 pou san. Men, nan moman miltè ameriken yo t ap kite peyi a, nan lane 1934, kouvèti forè a te gen tan desann nan nivo 21 pou san. Pandan diktati Divalye a, pouvwa makout la te detui anpil forè, swadizan pou konbat kamoken.

Pwojè piyaj sa a kontinye jouk jounen jodi a.

Pandan 10 dènye lane yo, pouvwa Tèt Kale a deklare resous peyi a lagè. Se sa yo pa jwenn yo pa vòlò. Akote lajan yo piye nan kès Leta a, chak lane, yo piye plis pase 4 milya dola lajan PetwoKaribe a epi yo piye lajan Dèmalòg ak lajan kowonaviris la.

Pouvwa Tèt Kale a mete peyi a toutouni. Tèt anviwonnman peyi a kale atè plat. Fatra fè kenken nan tout vil yo, epi ensekirite, grangou ak chomaj ap taye banda. Alòske, pil lajan. ki gagote yo, te ka sèvi pou refè eskanp figi anviwonnman epi rezoud anpil lòt pwoblèm ankò. Si nou pa pran responsablite nou, peyi a ka disparèt.

Se pou sa, noumenm òganizasyon, ki siyen kominike sa a, nou mande tout pèp Ayisyen an, nan 4 kwen peyi a, ak tout aktè nan opozisyon an, pou nou leve kanpe, pou dechouke pouvwa Kale Tèt la, pou Ayiti pa disparèt.

Pou sa, nou envite tout aktè nan opozisyon an pou nou ranfòse vitès tren mobilizasyon an pou anpeche Phtk fini ak tirès Ayiti, ki rete a.

Pou òganizasyon yo,

1) Konbit òganizasyon politik, sendikal ak popilè yo / Josue Merilien

2) Centrale nationale des ouvriers haïtiens (Cnoha) / Dominique Saint-Eloi

3) CACOS D’HAITI / Claude Toussaint

4) Inisyativ òganizasyon baz ak militan yo (Inibazm) / Evenson Jean

5) Fanm Djanm k ap lite pou sove souverènte Ayiti (Fdlssa) / Manoucheka Jules

6) Mouvman Opozisyon Kafou (Mok) / Pierre Rigaud Dominique

7) Alternative citoyenne pour la construction d’un État de droit en Haïti (Accedh) Charles Labonte Jean

8) Òganizasyon pou chanjman ak avansman Nip (Ochan) / Nazair Vrigneau

9) Brigade syndicale anticorruption (Bsac) / Sonson Dume