Español English French Kwéyol

Ayiti-Migrasyon : Lapolis ameriken arete, 21 dawout 2020 an, nan Miyami, Dimitri Vorbe, pou kesyon viza espire

Miyami, 21 dawout 2020 [AlterPresse] --- Poutèt viza espire, Lapolis ameriken arete, nan dat 21 dawout 2020 an, Dimitri Edouard Vorbe, ki se prezidan an apre Sosyete jeneral enèji S.A. (Sogener S.A.), nan kad yon kontwòl, li t ap fè nan Miyami, dapre sa ajans sou entènèt AlterPresse aprann nan antouraj Dimitri Vorbe.

Dapre menm enfòmasyon yo, yo ta ale lakay Dimitri Vorbe avèk li. Yo ta menm pran madanm li tou, yo ta kenbe l, y ap poze l kesyon tou.

Pandan yo t ap poze l kesyon, Dimitri Vorbe fè konnen li gen pwoblèm politik lakay li, nan peyi d Ayiti.

Gen fonksyonè politik, nan peyi d Ayiti, ki ta konfime pwoblèm politik Dimitri Vorbe genyen ak rejim politik tèt kale an, espesyalman Jovenel Moïse.

Sitiyasyon sa a samble pral peze, nan dezisyon otorite ameriken yo ta gen pou pran.

Dapre menm enfòmasyon yo, Dimitri Vorbe te ranpli yon fòm pou demann rezidans, ki sou etid. Se enfòmasyon sa yo ajans sou entènèt AlterPresse rive jwenn.

Youn nan avoka Dimitri Vorbe, nan peyi d Ayiti, deklare bay AlterRadio/AlterPresse se depi nan maten 21 dawout 2020 an, li te pran kontak ak Dimitri Vorbe. Li pa konnen anyen sou koze arestasyon, AlterRadio/AlterPresse rapòte an.

Lalwa pa pèmèt, li pa rekonèt pakè tribinal sivil Pòtoprens kapab mande sèvis imigrasyon ameriken voye ba li yon natif natal ayisyen. Se dizon ekip avoka Dimitri Edouard Vorbe yo, ki se prezidan an apre Sosyete jeneral enèji S.A. (Sogener S.A.), bay AlterRadio nan dat dimanch 16 dawout 2020.

Ekip avoka Dimitri Edouard Vorbe yo konsidere tankou yon demach plezantri demann pakè tribinal sivil Pòtoprens, pou mande sèvis imigrasyon ameriken voye ba li, nan peyi d Ayiti, Dimitri Edouard Vorbe.

Depi mitan mwa oktòb 2019 lan, Jovenel Moïse pati dèyè Dimitri Vorbe, sou akizasyon li ta fè Leta peye sa l pa t dwe peye, pou kouran Sogener te bay konpayi elektrisite d Ayiti, pandan plizyè lane. [jep rc apr 21/08/2020 17:00]