Pòtoprens, 21 dawout 2020 [AlterPresse] --- Lapli, ki mache ak loray, kapab tonbe sou 7 nan 10 depatman peyi a, apati apremidi ak aswè vandredi 21 dawout 2020 an, dapre yon bilten, sèvis espeyalis ayisyen nan kondisyon tan an, ajans sou entènèt AlterPresse te li.
Se yon boulvès nan tan an, siklòn Laura kapab trennen dèyè l.
Depi nan maten vandredi 21 dawout 2020 an, gen yon siklòn ki rele Laura, ki nan Karayib yo, sitou nan ti zile Karayib yo.
Siklòn Laura an kapab rive bò kòt Nò peyi d Ayiti, disi dimanch 23 dawout 2020 an.
Poutèt sa, otorite yo entèdi aktivite bato sou lanmè, sitou bò kòt Nò peyi d Ayiti, kote vag yo, k ap fò, ka monte byen wo.
Lè sa a, siklòn Laura kapab lakoz kokennchenn lapli, k ap mache ak loray plis gwo van, ki kapab lakoz gwo inondasyon ak gwo vag lanmè, bò tout kòt Nò peyi d Ayiti, nan apremidi ak nan aswè.
Men, depi finisman apremidi ak aswè 21 dawout 2020 an, peyi d Ayiti kapab resevwa lapli, ki mache ak loray.
Sèvis espesyalis ayisyen, nan kondisyon tan an, prevwa lapli, ki mache ak loray, nan depatman Nòdwes, Plato santral, Latibonit, Nip, Grandans, Sid ak Lwès, kote nou jwenn sa yo rele zòn metropoliten kapital lan, Pòtoprens. [rc apr 21/08/2020 16:15]