Pòtoprens, 17 dawout 2020 [AlterPresse] --- Lalwa pa pèmèt, lalwa pa rekonèt pakè tribinal sivil Pòtoprens kapab mande sèvis imigrasyon ameriken voye ba li yon natif natal ayisyen.
Se dizon ekip avoka Dimitri Edouard Vorbe yo, ki se prezidan an apre Sosyete jeneral enèji S.A. (Sogener S.A.), nan yon entèvyou yo bay AlterRadio/AlterPresse.
Ekip avoka Dimitri Edouard Vorbe yo konsidere tankou yon demach plezantri demann pakè tribinal sivil Pòtoprens lan, pou mande sèvis imigrasyon ameriken voye ba li, nan peyi d Ayiti, Dimitri Edouard Vorbe.
Se depi mwa oktòb 2019 Jovenel Moïse pati dèyè biznisman n nan, sou akizasyon li ta fè Leta peye sa l pa t dwe peye, pou kouran Sogener te bay konpayi elektrisite d Ayiti.
Yon dosye, ki mete fas pou fas Jovenel Moïse ak Sosyete jeneral enèji S.A. (Sogener S.A.).
Komisè gouvènman Pòtoprens lan, mèt Ducarmel Gabriel, mande otorite imigrasyon ameriken yo rapatriye Dimitri Edouard Vorbe, pou l vin reponn kesyon lajitis.
Depi dat 4 mas 2020, gen yon manda dèyè Dimitri Vorbe, pou lapolis arete l.
Jovenel Moïse ak gouvènman ayisyen an akize Dimitri Vorbe, kòm moun ki ta gen dwèt li tranpe nan koripsyon ak ki ta blanchi plizyè dizèn milyon dola ameriken kont enterè peyi d Ayiti, dapre avoka Jovenel Moïse ak gouvènman an.
Nan dat 30 jiyè 2020, ki sot pase a, lajistis ak lapolis te sezi lokal Sogener lan, kay Dimitri Edouard Vorbe, kay Jean-Marie Vorbe, kay Reginald Vorbe Fils ak kay Agnès Elizabeth Debrosse Preval, madanm ansyen prezidan René Preval.
Biznis Sogener S.A. te denonse sa li rele yon kanpay pèsekisyon politik, li di ekip èt kale, ki sou pouvwa a, ap fè kont manm lafanmi Vorbe ak Agnès Elizabeth Debrosse Preval.
Depi mwa oktòb 2019, lè Jovenel Moïse deklare li deside, poukont li, kase kontra Leta ayisyen te gen ak Sogener S.A., blakawout lan vin pi rèd, 24 trè sou 24, divès kote sou teritwa nasyonal lan. [jep emb rc apr 17/08/2020 11:10]