Pòtoprens, 14 dawout 2020 [AlterPresse] --- Gwo tansyon, jedi 13 dawout 2020 an, douvan Inite lit kont koripsyon (Ulcc), ki t ap tande, nan Pòtoprens, senatè Youri Latortue sou lajan li te prete nan Lona, dapre enfòmasyon ajans sou entènèt AlterPresse ranmase.
Gen 2 machin Inite lit kont koripsyon, ki boule nan moman manifestan t ap eseye pote solidarite bay Youri Latortue, ki remèt yon seri dokiman bay enstitisyon an.
Sa rive, apre ajan Lapolis nasyonal te tire gaz lakimojèn, pou te anpeche manifestan yo antre anndan enstitisyon an.
Manifestan yo te tire wòch tou sou polisye nasyonal yo.
Dapre Inite lit kont koripsyon, se ta moun, ki ta fè tèt yo pase kòm manm opozisyon an, ki boule 2 machin enstitisyon an.
Plizyè dizèn manifestan ak dirijan politik nan opozisyon an, pami yo senatè Nènel Cassy ak Sorel Jacinthe, ansyen depite Belizaire Printemps, te prezan douvan lokal Inite lit kont koripsyon an, a pou te pote sipò yo bay senatè Youri Latortue.
Manifestan yo te lanse tout kalte pawòl piman bouk kont otorite rejim tèt kale yo.
Dapre manifestan yo, lajan, Youri Latortue te prete nan Lona a, pa gen anyen pou wè ak vòl, jan yon seri moun ta vle fè kwè sa.
Seyans esplikasyon Youri Latortue, douvan Inite lit kont koripsyon an, dire plizyè èd tan, plis pase 5 èd tan konsa, jedi 13 dawout 2020 an. [jep emb rc apr 14/08/2020 10:00]