Lèt tou louvri Berwhis EDOUARZIN pou Pwofesè Ayisyen yo, kategori enpòtan. Men maltrete
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 6 out 2020
M salye Pwofesè Ayisyen yo. M konn kòman nou ye. Mèsi.
Li paret sèten edikasyon vin pa gen enpòtans kounyea. Enpotans li remonte depi lantikite. Nan tout listwa limanite, lekti ak ekriti se yon zouti puisan ki ride sosyete nou yo pran chimen devlopman, paske metòd sila yo, bay yon gwo bourad avèk lasyans nan sa ki gen a wè avèk pwodiksyon ak transmèt konesans. Anpil moun panse pa gen devlopman san konesans ; si w bezwen mezire nivo devlopman yon nasyon, w mèt sèlman pran sistèm edikatif li kom echantiyon. Nan sans sa, ekrimann Max Dorismond montre : « Si w vle kraze yon peyi - initil pou w nan fè lagè - sèlman fèmen Lekòl, peyi a ap kraze pou kò l ». Kidonk, Lekòl se chimen tout bon devlopman. Men poukisa Ayiti ap pale devlopman pandan pa gen Lekòl ? Si gen Lekòl, kòman Anseyan fè pa egziste okenn kote pou Leta?
Anseyan ayisyen mwen yo, mwen dwe avwe nou, travay n ap fè a pa gen okenn pri. Kidonk, m sezi tande nou k ap mande pou mete kek goud sou sa n ap touche a. Men, m pi sezi ankò lèm aprann Leta pa menm dakò satisfè sa n ap mande yo, vwa pou mete nou nan kondisyon moun. Kondisyon estanda pou pèsonèl anseyan. Kite m fè ti rapèl sa, nan tout peyi, edikasyon pami aks priyoritè yo: nan menm ran ak sekirite, sante elatriye. Menmsi, yo chak gen konsiderasyon pa yo. Malerezman an Ayiti 3 domèn sa yo pa byen wè, pa byen trete. Nou tout konn sitiyasyon sosyoekonomik ajan sektè sa yo. Afè Jij yo, Medsen, Polisye yo pa bon, men yo gen yon ti konsiderasyon. (La, m nan yon apwòch relatif). Yon Anseyan parèt san kontestasyon kategori sosyo pwofesyonèl ki pi maltrete. Rezon yo anpil. Men kite m site youn bazik:Tankou yon Anseyan pa gen okenn pyès ki idantifye l kòm fonksyonè Leta. Si yo se fonksyonè Leta tou? Gen yon Anseyan, yon fwa, ki te bloke devan ministè a poutet « badj ». Ajan sekirite a di l: « w di w ap travay pou ministè a, kote badj w? ».
Pou m te kòmanse ti lèt sa, m te di travay Anseyan an pa gen pri. Poukisa ? Edikasyon an vini san kontestasyon yon kafou, ki mennen tout kote ki gen pwogrè. Ki sektè edikasyon pa touche ? Jodi a edikasyon vini yon eleman vital, sitou avek devlopman teknolojik yo. Byento si w pa konn li, w pap an sante. Nan sans sa, edikasyon an vin yon priyorite mondyal, menmsi Leta Ayisyen pa bay sante regle anyen pou yo alewè pou edikasyon. Nou tout konn kondisyon sistèm sanitè nou an. Men, jodi a nou chwazi mete kap sou sistèm edikatif la. Nou tout antann nou sou nesesite pou Peyi a pran wout devlopman, nou tout antann nou tou sou faktè tout devlopman. Tout bon devlopman dwe pase nan Lekòl. Sa son paradig mondyal. Nan sans sa, nou tout ap klèwonnen refòm edikasyon. Men, kòman pale refòm edikatif pandan tout ajan k ap travay nan sektè sa grangou, fristre, san materyèl travay?
Sa m ap di yo la pa nouvo pou pèsonn, m te sèlman vle raple yo. Nan sans sa, m te vle raple nou tou, Anseyan gen anpil enpòtans. Sof Anseyan Ayisyen yo. Kite m rapidman pwouve sa m ap di la. Anseyan yo anonse grèv jeneral pou chanje kondisyon lavi yo, yo anonse yo pap tounen nan klas 10 dawout pazavan revandikasyon yo satisfè. Otorite yo aprann sa, yo pa di anyen sou sa, sa sèlman vle di yo pa pran Anseyan yo pou moun. Men sèl rezon ki fè sa, se paske Anseyan yo pa antann yo. Ann devine swit sa: 10 dawout tout Anseyan leve, yo al nan travay yo, yo youn pa rantre nan klas. Dezyèm semèn lan, yo rete lakay yo net, twazyèm lan menm epizod la pwodui. Mwen garanti nou katriyèm semèn lan yo t ap rele nou. Omwens yon fwa, popilasyon an t ap jwenn yon modèl revandikasyon.
Fòk nou siyale, ministè edikasyon nasyonal entèrese ak tout aktè pou reouvèti klas yo sof Anseyan yo. Tankou, w tande Minis lan ap di nan tout radyo, men sa y ap fè pou pwoteje timoun yo kont maladi kowonaviris la: y ap divize klas yo; ap gen wotasyon nan rekreyasyon yo elatriye. Men ki mezi favorab ki anonse pou eleman Anseyan an ? Sa m ap di la a tèlman klè kou dlo kok, jodi a 6 dawout okenn Anseyan poko touche mwa jiyè. Kidonk, pwoblèm Anseyan yo pa ka redui avek yon kesyon met kek goud sou sa yo konn touche a. Konsepsyon an t ap twò senplis. Koz yon Anseyan pase twòp mizè nan aprann, pou se sa y ap ofri yo. Kat la dwe rebat net. Eleman, m rele Edikatè a, pase pou pi piti 3 lanne ap aprann avan l pwofese. Genyen nan yo ki gen bak + 4, metriz ak menm doktora. Men fò nou dakò tou, genyen nan yo ki pa gen fòmasyon pou yo te nan sal. Genyen ki menm te dwe Lekòl. Men kiyès ki lakòz? Kiyes ki gen otorite pou nome moun? Dayè, anviwon 2 pwomosyon Lekòl Nòmal Wo Nivo ap tann estaj osinon lèt nominasyon yo plis pase yon lanne. Sa pwouve a klè se pa yon pwoblèm moun ki kalifye ki poze. Se pito yon volonte pou kontinye batay kont bon jan konesans nan lide pou n pa gen sitwayen konpetan epi konbat ekselans lan nan Lekòl nou yo, pou m reprann Pwofesè Leslie MANIGAT.
Se poutèt sa, Pwofesè Ayisyen m yo, m ap mande nou poun fè yon sèl nan lide pou Leta a kapab remounize nou. Sa vle di, retabli nou nan dwa grandèt majè nou. Konsa, men kek nan pwen m ap mande nou egzije:
1. Yon kat idantifikasyon (Badj) pou tout pèsonèl anseyan ak administratif yo.
2. Alemye (Sibvansyon) pou Lekòl prive Leta te pwomèt la, ki dwe yon milyon goud pou pi piti.
3. Salè baz 75 mil goud nou mande a pa negosye l.
4. Frè restorasyon ak transpò ki dwe 30 mil goud tankou nou mande l la plizoumwen rasyonèl.
5. Nou dwe jwenn chek nou, pou pi lwen 29 nan mwa a. Nou dwe gen aksè ak bon jan kredi.
6. Nome tout Pwofesè ki nan sal. Men ki kalifye.
7. Peye tout Pwofesè yo dwe; e sispann peye Anseyan yo chak 40 jou.
8. Sispann nome moun ki pa kalifye nan sistèm edikatif la.
9. Leta dwe voye yon delegasyon pou dezenfekte espas Lekòl yo, piblik kou prive pou anpeche maladi a simaye.
10. San satisfaksyon pwen sa yo, rete fèm sou desizyon nou.
Pou m fini, m ap mande popilasyon an pou yo konprann mouvman Anseyan yo fwa sa a. M ap mande Lekòl prive yo tou, devlope yon fòm solidarite pou rann mouvman an akouche bon jan rezilta. Men li dwe yon dènyè fwa. Pou sa fèt, fòk popilasyon an kolabore. Anmenm tan, fòk Anseyan yo dako soufri ; antann yo sou yon sèl kaye doleyans. Nou dwe gen yon sèl diskou, ki pral montre nivo solidarite nou. Fòk nou evite se yon sèl moun k ap pale nan laprès, mete sou pye yon komisyon kominikasyon pou sa. Pou anpeche yo achte mouvman an nan men nou. Dayè nou konnen Leta sa a prè pou l depanse plis kòb nan fè represyon olye yo satisfè revandikasyon nou yo. Desizyon pou yo pa satisfè revandikasyon nou yo, pa lye ak yon pwoblèm bidjè vre, tankou yo souvan montre l la. Men pito yon mechanste ki marande ak mank vizyon dirijan yo. Nou tout konnen kouman kob ap gaspiye nan peyi sa a.
Lide pou n fè manifestasyon an pa move, dayè konstitisyon an garanti dwa sa. Men, m ap mande nou rete fèm sou desizyon nou. Pou sa rive fèt, regwoupe nou pi plis. Antann nou sou tout pwen yo. Nou dwe fè sansibilizasyon yo sou tout rezo sosyal yo kou lot kalte medya yo. Rete vijilan pa rapò ak Sendika tradisyonèl yo, k ap gen pou pwofite mouvman an pou regle zafè yo. Men sa pa vle di, n ap retire yo nan batay la, batay la dwe jeneral. Konsa, nou va rive fè yo tande vwa nou fwa sa. 2 klas sèlman pou 10 dawout lan, se yon estrateji pou yo wè si n ap bay vag, pa pran ladan l. M ap fini ak ti rapèl sa a : 10 dawout, tout Anseyan dwe leve, y al nan travay yo, san youn pa rantre nan klas. Dezyèm semèn lan, yo dwe rete lakay yo net, twazyèm semèn lan, menm epizod la dwe pwodui. Mwen garanti nou, rezistans sa, ap gen tout enpòtans li nan batay la. Men, pou sa rive fèt fòk pi fò nan nou (90%) mache nan lojik la. Sinon, yo pap okipe nou. Lekòl pa entèresan yo vre. Li mèt mal fèt, sa pap di yo anyen. Koz pwofil moun ki nan tèt Leta a depaman ak bon jan refòm nan sistèm edikatif la. Kidonk, mete tèt nou ansanm, pou n chanje kondisyon lavi nan peyi a.
Mèsi.
Viv yon Ayiti miyò, viv yon sistèm edikatif miyò !
* Ansyen etidyan Lekòl Nòmal Siperyè ak Fakilte Etnoloji.
Tigwav, 6 dawout 2020.
Mèl : berwhisedouarzin@icloud.com