Español English French Kwéyol

Ayiti-Ekonomi : Dispozisyon Labank santral yo, pou mete 150 milyon dola nan lari a, pa pral pèmèt goud lan sispann pèdi valè, dapre ekonomis Enomy Germain

Pòtoprens, 10 dawout 2020 [AlterPresse] --- 150 milyon dola ameriken, Labank santral (Bank repiblik d Ayiti) di li pral lage nan lari an, anvan 30 septanm 2020 an, ap senpman fè yon ti ralanti nan gwo degrenngolad goud lan, parapò ak dola ameriken an.

Sa pa pral pèmèt goud lan sispann pèdi valè douvan dola ameriken an, dapre ekonomis Enomy Germain ki te pale ak AlterPresse/AlterRadio.

Kantite lajan Labank santral ap mete nan lari a ap pote yon repons sèlman pou 3 semèn.

Chak semenn, sou mache chanje lajan goud / dola ameriken ak dola ameriken / goud, se prèske 40 milyon dola ameriken k ap woule, dapre ekonomis Enomy Germain.

Bò kote pa l, Jovnèl Moyiz di li swete pou pa gen yon kayiman, ki al fè yon sèl vare sou 150 milyon dola ameriken, Bank santral prevwa mete nan lari an, anvan 30 septanm 2020 an.

Jodi a, lendi 10 dawout 2020 an, ou bezwen pou pi piti 122 goud pou achte yon dola ameriken. [jep emb rc apr 10/08/2020 09:55]