Español English French Kwéyol

Ayiti-ensekirite : Plizyè fanm ak tifi sibi vyolans kadejak, lannuit 7 pou antre 8 dawout 2020 an, nan Jeremi

Pòtoprens, 10 dawout 2020 [AlterPresse] --- Lannuit vandredi 7 pou antre samdi maten 8 dawout 2020 an, plizyè fanm ak tifi sibi vyolans kadejak anba men atoufè ak zam, nan lokalite Choran, twazyèm seksyon kominal Jeremi, depatman Grandans, dapre enfòmasyon ajans sou entènèt AlterPresse rasanble.

Nan kad ankèt, otorite yo louvri sou dosye vyolans kadejak sa yo, Lapolis nasyonal arete 3 sispèk, dapre sa Gérald Guillaume, responsab Inisyativ depatmant Grandans lan kont trèt ak trafik timoun fè konnen.

Lokalite Choran pa gen okenn polisye nasyonal. Se yon sitiyasyon, ki pèmèt atoufè ak zam fè sa yo pi pito, nan lokalite Choran, nan Jeremi, dapre Inisyativ depatmant Grandans lan kont trèt ak trafik timoun. [jep emb rc apr 10/08/2020 09:40]