Powèm Martine BRUNO
Memoran nan Kominikasyon Sosyal
Nan okazyon fèt manman
AlterPresse resevwa Powèm sa a 28 me 2005
Dènye dimanch mwa me nan peyi pa n’
Se jou nou dwe onore tout manman.
Manman yo se baz peyi a
Nan pote nan yo ak nouri timoun nan sen yo
Yo asire repwodiksyon ras ayisyèn nan.
Nan bay afeksyon, prezans ak pataje savwa yo nan fanmy lan
Manman yo patisipe nan repwodiksyon sosyal la.
Manman yo se fanm
Yo patou nan tout sektè lavi nasyonal la
Sosyal kòm ekonomik ak politik
Anpil moun ki rive okipe yon pòs enpòtan nan peyi a, fèl
Gras ak fòs koraj yon komésant, yon madan sara ou yon machann pwomenen.
Manman yo nan tout gwoup ak nivo sosyal
Sak gen pi plis posibilite ekonomik,
Sak gen nivo mwayen ak sak pi pòv yo.
Jodia nap pale de fèt dèmè
Gen manman ki trè zerèz ki antoure ak pitit yo, mari yo
Kap kouvri yo afeksyon ak kado ki chaje ak valè.
Gen sa ki tousèl, ki tris kap soufri pou yon rezon kèlkonk.
Manman yo se motè lavi nan sosyete a.
YON MO POU MANMAN YO jodia, se pa senpman
Di bòn fèt ni non plis ofri kichòy
Men pito se montre yo nou konn enpòtans ak kou lavi.
Konbyen manman kap kriye paske
Dlo kraze brize ak bwote ale tou sa yo posede.
Konbyen k gen kè sote paske yo pa santi yo alabri
Lanati pa sispann fé menas.
Konbyen manman ki jounen jodia nan gwo tèt chaje
Paske komés ki pou pèmèt yo brase lavi ak fanmi yo diparèt nan dife.
Kouman ? Hm !!!
Yon mo pou manman yo jodia se plante grenn lespwa
Si pran pozisyon pou aji pou lavi pa gaspiye, pou lavi pwoteje.
MANMAN jodia se jou paw
Ak tout kè m’ map di w mwen konn enpòtans ou.
Mwen santi soufrans ou
E pou m onore w
Yon ti flè damou
Mwen renmen w manman !
20-05-05