Pòtoprens, 21 jiyè 2020 [AlterPresse] --- Kèlkilanswa lè va gen eleksyon nan peyi d Ayiti, pa gen ankenn moun ki ka pran pouvwa a nan men Pati ayisyen tèt kale an (Phtk), dapre deklarasyon prezidan Jovenel Moïse fè, nan kad sa li rele dyalòg kominotè, wikenn ki sot pase an, ajans enfòmasyon sou entènèt AltèPrès te tande.
Deklarasyon sa a montre, yon lòt fwa ankò, Jovenel Moïse pa gen dimansyon chèf Leta, dapre Abdonel Doudou, direktè ekzekitif òganis dwa moun Jurimedia a, nan yon entèvyou li bay AlterRadio/AlterPresse.
Oganis dwa moun Jurimedia sezi wè Jovnèl Moyiz fè mòd deklarasyon konsa, nan yon peryòd frajil, kote ankenn sektè pa vle ale nan eleksyon ak ekip ki sou pouvwa an.
Ki mwayen Jovnèl Moyiz pral itilize poul rive fè eleksyon sa yo ?
Jurimedia mande tout popilasyon an leve kanpe kont prezidan an, ki vle retounen ak diktati nan peyi a.
Mòd deklarasyon Jovnèl Moyiz fè sou zafè eleksyon an p ap chanje anyen, nan plan batay opozisyon politik la.
Se dizon youn nan pòt pawòl Mouvman patryotik popilè desalinyen (Mopòd), Raphael André.
Jovnèl Moyiz dwe kite pouvwa a 7 fevriye 2021 pou pita. Pral gen yon tranzisyon nan peyi a, ki pral poze baz yon konferans nasyonal granmoun, kote tout gwo pwoblèm peyi a pral brase.
Mopòd pral tanmen yon seri brase lide ak tout òganizasyon politik yo, san konte sa ki nan sosyete sivil la, nan lide pou yo fè yon sèl, pou kanpe anfas pwojè rejim bout di Jovnèl Moyiz lan.
Nan jou k ap vini yo, ap gen plizyè mobilizasyon kont prezidan an, dapre sa Mopòd fè konnen. [rf emb rc apr 21/07/2020 12:30]