Pòtoprens, 3 jiyè 2020 [AlterPresse] --- Kolektif 4 desanm 2013 kritike konpòtman gwo ponyèt prezidan Jovenel Moïse, ki montre l vle dirije peyi a pou kò l, nan yon entèvyou li bay AltèRadyo/AltèPrès.
Kolektif 4 desanm 2013 lan di li gen gwo tèt chaje, lè l wè Jovnèl Moyiz ap poze yon pakèt aksyon, nan tèt peyi a, san respekte ankenn prinsip.
Li enpòtan pou tout enstitisyon nan peyi a rekoumanse fonksyone, paske jan sa ye kounye a, otorite yo plis ap defann enterè pèsonèl yo, olye pou yo ta defann enterè peyi a, dapre konsiderasyon kowòdonatè Kolektif 4 desanm 2013 lan, Jean Robert Argant.
Nan kafou nou ye la a, fòk gen yon tranzisyon, ki ta dwe pèmèt yon lòt ekip pran tèt peyi d Ayiti.
Ekip tou nèf sa a ta dwe gen ladann moun ki onèt, patriyòt, moun yo ka fè ak ki merite konfyans, pou mennen bak peyi an, dapre Kolektif 4 desanm 2013 lan.
Depi lè Jovnèl Moyiz monte sou pouvwa an, nan dat 7 fevriye 2017, se kriz sou kriz.
Plizyè mobilizasyon fèt deja, nan objektif pou jete ak retire sou pouvwa a Jovnèl Moyiz, ki pa fè anyen pou kreye yon lavi miyò nan peyi d Ayiti, daprè divès òganizsyon andedan sosyete an. [rf emb rc apr 03/07/2020 15:45]