Español English French Kwéyol

Ayiti-Krim : Yon gwo tèt nan Bank santral mouri anba bal, ansanm ak madanm li, lakay yo nan Franyovil

Pòtoprens, 29 jen 2020 [AlterPresse] --- Norvella Belamy, se non yon responsab nan Bank repiblik d Ayiti a, Bank santral, ki mouri anba bal, ansanm ak madanm li, Daphnée Fils-Aimé, nan lannuit samdi 27 jen 2020 an, anndan lakay yo nan Delma 75, Franyovil, Petyonvil, dapre sa ajans enfòmasyon sou entènèt AltèPrès aprann.

Ansasinay Norvella Belamy fèt, kèk jou apre moun ak zam fin touye pwofesè ak plimeyank pwezi Farah Martine Lherisson ak mari l, Lavoisier Lamothe, nan Pegivil (Petyonvil), nan lannuit lendi 15 jen 2020 an.

Nan finisman semenn pase an, yo idantifye kò kankannen Nancy Dorlean ak Sebastien Petit, 2 jèn ki kon danse, kèk jou apre moun lakay yo te anonse yo disparèt.

2 jèn sa yo te disparèt, apre yo te fin patisipe nan yon repetisyon dans, pou prepare yon konsè chantèz Misty Jean te dwe fè, sou rezo sosyal yo, nan dat 2 jiyè 2020 an.

Èske gen eskadwon lanmò nan peyi d Ayiti ?

Se kesyon sa a anpil moun ap poze, lè yo konsidere divès ansasinay, ki kontinye ap fèt yon fason dwòl sou teritwa nasyonal lan.

Otorite nan Leta yo poko janm fè okenn aksyon serye, pou kwape fenomèn laterè ak krim san parèy sa yo a, k ap simen dèy chak jou pi plis nan peyi a, malgre gwo kout rèl plizyè òganizasyon dwa moun. [rf jep emb rc apr 29/06/2020 09:50]