Pòtoprens 22 jen 2020 [AlterPresse] --- Aprè li te fin kite tèt sendika a pou yon ti tan, Kowòdonatris Sendika lapolis la, Yanick Joseph, kraze yon kite sa nan Lapolis la nèt, dapre sa ajans enfòmasyon sou entènèt AltèPrès aprann.
Yanick Joseph anonse desizyon sa a, nan yon lèt li voye bay direktè jeneral Lapolis la, Rameau Normil.
Move kondisyon polisye yo ap travay lan, maspinay dwa chak grenn polisye anndan enstitisyon an, pami divès rezon ki pouse Yanick Joseph pran desizyon sa a.
Ant batay li mennen, pou te vin genyen yon sendika anndan Lapolis la ak entèdiksyon pou l kite peyi a k ap peze sou do l, Yanick Joseph wè non l site anpil nan laprès, nan dènye tan sa yo.
Direktè jeneral lapolis la te deside revoke Yanick Joseph nan enstitisyon an, nan mwa fevriye 2020 an, anvan yo te reprann li, ansanm ak plizyè lòt polisye, ki t ap goumen pou mete sou pye sendika anndan Lapolis la. [rf emb rc apr 22/06/2020 09:40]