Pòtoprens, 18 jen 2020 [AlterPresse] --- Òganizasyon dwa moun, tankou Defansè Plis ak Òganizasyon sitwayèn ak sitwayen pou yon lòt Ayiti (Ocnh), leve vwa yo kont dènyè dekrè sou kat idantifikasyon nasyonal la, gouvènman an pran nan peyi a, nan nòt separe yo voye bay ajans enfòmasyon sou entènèt AltèPrès.
Youn nan direktè Kolektif Defansè Plis lan, Antonal Mortimé, kritike Leta, k ap plede pran dekrè, san l pa konsilte ankenn sektè nan sosyete a.
Pou Antonal Mortimé, se yon gwo menas pou yon seri prensip demokrasi, tankou dwa enfòmasyon ak dwa patisipasyon.
Lide pou chak sitwayèn ak chak sitwayen gen yon sèl nimewo idantite, se yon bon lide. Men, li pa dwe yon desizyon ki pran nan gwo ponyèt, daprè Kolektif Defansè Plis.
Ofisye eta sivil yo, ki la pou bay dokiman nesans, maryaj, elatriye, te dwe okouran desizyon sa a.
Antonal Mortimé di li gen gwo kè kase sou delè, gouvènman an bay, pou tout moun ta gen tan fè kat sa yo.
Sa ka ogmante ka kowonaviris yo, si ta gen moun k al fè kat pil sou pil, nan biwo Ofis nasyonal idantifikasyon yo.
Sa ka kreye tou goumen ant lapolis ak sitwayen, ki p ap gen tan fè kat sa yo, nan delè gouvènman an swete an.
Sou bò pa l, kowòdonatè Òganizasyon sitwayèn ak sitwayen pou yon lòt Ayiti, Camille Occius, di li wè plizyè pwen, nan dekrè sa a, ki mete an kesyon tout demach Leta a te fè pou kat Dèmalòg la.
Pami yo, dekrè a pale sou yon sèl kat idantifikasyon nasyonal, alòske kat Dèmalog lan pale sou kat idantifikasyon nasyonal.
Òganizasyon sitwayèn ak sitwayen pou yon lòt Ayiti denonse yon pakèt atik, anndan dekrè sa a, ki pa koresponn ditou ak moman peyi a ap viv nan tan sa yo.
Leta a p ap gen kapasite pou l bay tout popilasyon an kat nan 120 jou (jouk rive finisman mwa oktòb 2020 an), ki se dènye dat li di pou tout moun ta gen tan fè kat la.
Òganizasyon sitwayèn ak sitwayen pou yon lòt Ayiti fè konnen li gen tan pote yon plent, nan kabinè enstriksyon, kont plizyè moun, pami yo Heidi Fortuné, ansyen minis jistis lan, nan dosye kontra yo te siyen ak biznis Dèmalòg la.
Menm si gen kèk pwoblèm yo dwe rezoud sou plan administratif, sa pa vle di yo tou rezoud sou plan sanksyon yo ta bay, dapre konsiderasyon Òganizasyon sitwayèn ak sitwayen pou yon lòt Ayiti fè.
Gouvènman an di li prevwa sanksyon pou tout moun, ki pa ta gen sèl kat idantifikasyon nasyonal sa a.
Gouvènman di li ka fè pran jiska 5 pousan, nan kòb yon moun ap touche chak mwa, oubyen nan salè minimòm pou yon mwa sizoka moun ki konsene an p ap travay.
Desizyon sa a ta sipoze koumanse frape popilasyon an, apati finisman mwa oktòb 2020 an. Gouvènman an di l ap koumanse kontwole delè 120 jou an apati dat dekrè a soti an, ki se madi 16 jen 2020 an.
Tout sitwayèn ak sitwayen ayisyen majè dwe gen sèl kat idantifikasyon nasyonal lan, pou l ta ka okipe yon pòs nan administrasyon piblik lan, al fè yon estaj, jwe wòl mandatè, enskri nan ansèyman siperyè a, gen yon paspò, louvri yon kont nan labank oubyen fè yon lisans pou kondui machin, daprè sa ki di nan atik 13 dekrè 16 jen 2020 sa a. [rf emb rc apr 18/06/2020 14:15]