Pòtoprens, 17 jen 2020 [AlterPresse] --- Tout mezon transfè yo dwe bay benefisyè yo lajan yo nan fòm, nan monnen ak nan menm valè Bank repiblik Ayiti an (Bank santral) fikse pou chanje lajan an.
Desizyon sa a soti nan yon dekrè ki pase men nan kèk dispozisyon dekrè jiyè 1989 la, ki konsène mezon transfè yo, dapre sa jans enffòmasyon sou entènèt AltèPrès aprann.
Tout moun Bank santral ta jwenn, ki pase anba pye prensip sa a, ap gen yon amann pou l peye, ki ka ale jiska 3 pousan nan pwòp lajan, k ap soti dirèkteman sou kont mezon transfè a genyen nan Bank santral.
Nan dènye tan sa yo, gen mezon transfè ki konn fòse benefisyè yo resevwa nan goud lajan ameriken fanmi yo voye ba yo. [rf emb rc apr 17/06/2020 15:40]