Español English French Kwéyol

Ayiti-Politik : Plizyè pèsonalite pa gen menm opinyon, sou lè manda prezidan Jovenel Moïse lan ta dwe bout

Pòtoprens, 15 jen 2020 [AlterPresse] --- Moun ki espesyalis nan zafè Konstitisyon, ansyen konseye elektoral ak pwofesè nan Inivèsite pa gen menm opinyon, sou lè manda prezidan Jovenel Moïse lan ta dwe bout nan peyi d Ayiti, dapre deklarasyon ajans enfòmasyon sou entènèt AltèPrès ranmase.

Deba sa a louvri depi kèk tan sou dire manda Jovnèl Moyiz lan.

Aprè plizyè dirijan politik nan opozisyon an ak reprezantan nan sosyete sivil lan, espesalis nan zafè Konstitisyon Mirlande Hyppolite Manigat, limenm tou, di manda Jovnèl Moyiz lan dwe rive nan bout li 7 fevriye 2021, nan yon tèks analiz.

Myrlande Manigat fè konnen li fè anpil rechèch epi li remonte lwen nan listwa, anvan menm li bay pozisyon sa a, ki chita sou sa Konstitisyon an di.

Nou twouve nou nan 2 tan ki depaman youn ak lòt. Se tan Konstitisyon an prevwa, yo dwe respekte, ak tan politik lan, limenm, ki ka chanje dapre enterè dirijan yo.

Ansyen senatris lan di se sa ki fè diferans ant yon Leta ki chita sou respè dwa moun tout bon ak rezon deta, ki kapab pèmèt yo pran yon desizyon, menm si l pa daplon ak okenn règ.

Sou bò pal, Ricardo Augustin, ki te konseye elektoral nan lane 2015, voye jete lide, ki fè kwè manda Jovnèl Moyiz lan dwe bout 7 fevriye 2021.

Pou ansyen konseye elektoral lan, diskisyon, y ap fè sou dire manda Jovenel Moise lan, se ta yon fo deba.

Ricardo Augustin fè konnen yo te annile eleksyon 2015 yo. Se ta yon lòt operasyon yo te koumanse nan lane 2016.

Ricardo Augustin pa di kouman Konsèy elektoral 2016 lan pa t annile eleksyon 2015 yo, li te kontinye yo epi mande kandida pou pòs prezidan yo konfime si yo enterese kontinye.

Ansyen konseye elektoral la di li sezi wè yon moun, tankou Mirlande Hypollite Manigat ak lòt moun, bay yon pozisyon parèy nan diskisyon sa a, k ap fèt depi kèk jou sou dire manda Jovenel Moise lan.

Menm jan ak Ricardo Augustin, pwofesè Fritz Dorvilier panse manda Jovenel Moise lan ta dwe fini 7 fevriye 2022, paske li te koumanse nan lane 2017.

Daprè pwofesè Dorvillier, se te yon aksyon gwo ponyèt yo te fè, nan nivo admnistrasyon an, ki te annile eleksyon 2015 pou prezidan an.

Piske te gen yon yon arete ki te annile eleksyon sa yo, li di li pa wè poukisa gen moun k ap konsidere peryòd sa a, pou bay pozisyon yo sou dire manda Jovnèl Moyiz lan.

Lè yon otorite administrasyon annile yon aksyon, se limenm ki pou di èske aksyon sa a annile pou yon ti tan oubyen si l annile nèt, daprè pwofesè Dorvillier, ki rete kwè eleksyon 2015 yo te annile nèt.

Pwofesè a di tou eleksyon, yo te fè nan lane 2016 yo, pa gen anyen pou wè ak sa yo te koumanse nan lane 2015 yo.

Se sèl yon konsèy Konstitisyon, ki ta ka di ki lè manda prezidan Jovenel Moise la ap rive nan bout li, daprè direktè ekzekitif Jurimedia a, Abdonel Doudou.

Ni Michel Martelly ni Jovenel Moise pa t remanbre estriti sa a, nan 49 vyèm ak 50 tyèm lejislati an.

Abdonnel Doudou ankouraje tout moun chita pale, yon fason pou yo jwenn yon akò anvan 7 fevriye 2021 an rive. [jep emb rc apr 15/06/2020 10:20]