Español English French Kwéyol

Ayiti : Kayla swete yon estrikti sekirite piblik kòrèk, okazyon 25 lane Lapolis nasyonal d Ayiti an

Pòtoprens, 09 jen 2020 [AlterPresse] --- Konbit ayisyen pou lojman altènatif (Kayla) di popilasyon an bezwen yon lapolis nasyonal tout bon vre, ki respekte Konstitisyon an ak lwa peyi a, nan yon nòt li voye bay ajans enfòmasyon sou entènèt AltèPrès.

Kayla fè deklarasyon sa a, nan okazyon 25 laane depi yo te mete kanpe enstitisyon Lapolis nasyonal d Ayiti an, nan dat 12 jen 1995.

Kayla di li wè Lapolis lan ap transfòme tèt li, sou fòm yon kò tonton makout ki nan sèvis gouvènman pati aysyen tèt kale an, ak zam ki nan men l.

Kayla kritike konpòtman Lapolis lan, ki mete moun kouche atè sou vant epi mete pye sou kou yo. Se menm pratik rasis Lapolis blan etazini yo genyen kont nwa ameriken yo.

Aprè rejim pati aysyen tèt kale an va remèt pouvwa a 7 fevriye 2021, n ap bezwen yon polis nasyonal tout bon, dapre Konbit ayisyen pou lojman altènatif.

Pou kòmanse, fòk lajistis arete, jije epi mete nan prizon tout polisye kriminèl, ki patisipe nan touye moun, nan yon seri katye popilè, ak tout lòt polisye ki touye moun ki t ap manifeste kont Jovnèl Moyiz. Se pou yo arete, jije ak mete nan prizon tout polisye ki manm gang ak sila ki patisipe nan kidnape moun. [rj emb rc 09/06/2020 09:35]