Español English French Kwéyol

5 jen, jounen mondyal anviwonman

Ayiti : Kolektif Jistis min (Kjm) mande jistis ak reparasyon pou anviwonman ak lavi moun, bèt ak sous dlo yo

Pòtoprens, 7 jen 2020 [AlterPresse] --- Pwojè kolon yo, depi lane 1492 lan rive jounen jodi a, nan lane 2020, se sa ki lakoz peyi d Ayiti gen etikèt peyi ki pi frajil na zafè anviwonman, nan espas peyi Amerik yo.

Se sa Kolektif jistis min (Kjm) deklare nan yon nòt li voye bay ajans enfòmasyon sou entènèt AltèPrès, nan okazyon dat 5 jen an, ki se jounen mondyal anviwonman an.

Kjm lonje dwèt sou ansanm enstitisyon entènasyonal k ap bay bourad lajan, tankou Bank Mondyal, Fon monetè entènasyonal ak bank entèameriken pou devlopman.

Anplis enstitisyon entènasyonal k ap bay bourad lajan yo, Kjm lonje dwèt tou sou gouvènman ki an Ayiti a ak konpayi miltinasyonal yo, « ki pa sispann vle foure, nan gòj pèp ayisyen an, yon kantite pwojè, k ap dekrenmen lavi moun ak tout lòt eleman enpòtan nan anviwonman peyi a ».

Kolektif jistis min wete chapo l douvan kouraj chap pèp sou latè, k ap kontinye batay pou fè respekte dwa anviwonman an, nan yon sistèm ki kwè tout sa ki nan anviwoman an se machandiz yo ye.

Kolektif jistis min swete tout sektè konsènen yo kontinye batay pou pwoteje dlo, pyebwa , anviwonman ak lòt pwodwi natirèl yo, douvan kriz kokennchenn epidemi yo rele kowonaviris lan.

« Nou p ap soti anba kowona an, pou nou tonbe nan rivyè lanmò espwatasyon min metalik yo. Resous natirèl anba tè peyi a pa dwe sèvi mwayen, pou nèg isit negosye ak kenbe pouvwa. Resous natirèl anba tè peyi a p ap sèvi mwayen, pou peye kòb Petwokaribe, nèg isit gagote », dapre Kolektif jistis min nan peyi d Ayiti, ki di « Wi pou lavi, Non li pa dakò ak espwatasyon min metalik » sou teritwa nasyonal lan. [rc apr 07/06/2020 17:30]