Pòtoprens, 7 jen 2020 [AlterPresse] --- Ansanm sitwayèn ak sitwayen, ki pot non Kolektif 4 desanm 2013, mande premye minis Jozèf Jout rann piblik rezilta ankèt, li te mande ministè lajistis al fè, sou zak maspinay, nan dat 5 me 2020, Lapolis nasyonal lakay fanmi Patrik Benwa, sou pretès yon jijman sou kesyon pwopriyete tè.
Kolektif 4 desanm 2013 lan fè ekzijans sa a, nan yon lèt tou louvri li voye bay chèf gouvènman an. Li voye kopi lèt tou louvri sa a bay Laprès, pami yo ajans enfòmasyon sou entènèt AltèPrès.
Nan dat madi 5 me 2020 an, plizyè manm lapolis nasyonal te maltrete Patrik Benwa, yon anplwaye fanmi Benwa an yo rele Klodi Lòm ak yon ajan sekririte yo rele Estivens, sou yon teren nan Vivi Mitchèl, sou komin Petyonvil.
Zak maspinay sa yo te fèt sou lòd yon jij depè Dèlma, Riko Vrinyo, ki t ale sou pwopriyete Patrik Benwa, sou pretès pou l ekzekite yon swadizan jijman, san lalwa pa t pèmèt li fè sa, dapre sa kolektif 4 desanm 2013 lan fè sonje.
Rezo sosyal yo te montre imaj Patrik Benwa ak san nan tèt li. Polisye nasyonal, ki t ale sou pwopriyete li an, te mete Patrik Benwa kouche sou vant, ak kòd nan bra l ak pye l, pi mal pase bèt.
« Tretman sa a, yo te bay Patrik Benwa an, se yon zak ki pilonnen dwa moun. Pèsonn pa ka asepte mòd tretman sa yo. Mwen mande minis jistis lan mennen prese prese yon ankèt, pou limyè fèt sou dosye sa a, nan yon delè ki p ap depase yon mwa ».
Se sa premye minis defakto an Jozèf Jout te ekri, sou kont twitè l, nan aswè madi 5 me 2020 an.
Kolektif 4 desanm nan leve lavwa kont zak brital sa a, zak michan ak vyolans san parèy sa a. Li mande Jozèf Jout rann piblik rezilta ankèt, li te mande an depi dat 5 me 2020 an.
Komisarya lapolis Dèlma 33 te derefize resevwa viktim yo, sou baz yo dwe resevwa swen neses è, anvan yo ta vin nan «gadavi».
Na dat jedi 7 me 2020 an, sou rapò yon brigad enspeksyon Lajistis, Konsèy siperyè pouvwa lajistis lan te deside mete sou kote, «nan disponiblite», jij depè Dèlma a, Ricot Vrigneau, an atandan li vin reponn kesyon Konsèy disiplin Lajistis lan. [rc apr 07/06/2020 18:00]