Español English French Kwéyol

Ayiti : 2 jounalis, pami yo yon fanm, soti blese dimanch 7 jen 2020 an, nan manifestasyon ki t ap ekzije prezidan Jovnèl Moyiz kite pouvwa a

Pòtoprens, 7 jen 2020 [AlterPresse] --- 2 jounalis ayisyen, pami yo yon fanm, soti blese, dimanh 7 jen 2020 an, nan manifestasyon ki t ap fèt pou mande prezidan Jovnèl Moyiz bay demisyon l, dapre presizyon ajans enfòmasyon sou entènèt AltèPrès rive jwenn.

Jessica Jourdain, jounalis nan « La brève info », resevwa yon kout bonbòn gaz lakimojèn nan jenou l.

Johnson César, jounalis « Connection info news », resevwa limenm yon kout bonbòn gaz lakimojèn nan tèt li.

Yo te blije kouri prese prese lopital ak 2 jounalis yo.

Evenman sa a rive nan moman plizyè patwouy Lapolis nasyonal t ap simen gaz lakimojèn, pou gaye moun ki t ap manifeste sou wout Dèlma an. [rf jep rc apr 07/06/2020 18:00]