Pòtoprens, 29 me 2020 [AlterPresse] --- Divès kalte òganizasyon ak enstitisyon di yo gen gwo kè sote sou jan gouvènman an ap jere kriz sante, ki arevwa ak epidemi Kovid-19 la, nan peyi d Ayiti, dapre dizon ajans enfòmasyon sou entènèt AltèPrès ranmase.
Gen 5 ouvriyèz ak ouvriye nan izin Karakòl yo (nan Nòdès peyi an), yo jwenn ki trape mikwòb kowonaviris lan.
Malgre sitiyasyon sa a, izin Karakòl yo kontinye ap fonksyone nan menm kondisyon yo.
Pa gen ankenn distans ant ouvriyèz ak ouvriye yo, dapre sendikalis Télémaque Pierre, ki te pale ak AltèRadyo avèk AltèPrès.
Li posib pou ta gen plis ka kowonaviris nan izin Karakòl yo, paske moun ki trape òb Kovid-19 lan te nan kontak ak lòt moun, ki toujou ale nan espas izin Karakòl yo.
Télémaque Pierre leve lavwa kont konpòtman otorite nan Leta yo, ki pa pran ankenn dispozisyon pou bay ouvriyèz ak ouvriye yo akonpayman, nan yon moman kote epidememi kowonaviris lan ap ogmante.
Bò kote pa l, Direktè egzekitif asosyasyon pou pwomosyon Lafanmi (Profamil), Gianni Decastro, kontinye atire atansyon otorite yo sou konsekans epidemi kowonaviris lan kapab genyen sou popilasyon nan peyi d Ayiti.
Dirijan yon peyi, ki ta vle panse devlopman, dwe pran dispozisyon pou gen kontwòl sou kantite timoun k ap fèt yo, daprè doktè Decastro, ki ankouraje gouvènman an mete kanpe yon politik, ki ta kapab ede moun yo kontwole pouvwa fè pitit yo.
Moman rete lakay la kapab lakoz gen anpil moun ki tonbe ansent, san yo pa t vle sa, dapre Profamil.
Rezo asosyasyon nasyonal pou entegrasyon moun andikape yo mande bon jan dispozisyon pou fè lalwa respekte, yon fason pou anpeche plis moun kontamine nan mikwòb kowonaviris lan, k ap simaye, chak jou pi plis, nan peyi a.
Nan depatman Sid peyi d Ayiti, gen chanpyona foutbòl, vèy ak antèman k ap fèt nan legliz ki chaje moun, alòske gouv ènman an te di li entèdi rasanbleman plis pase 5 moun, nan dekrè li fè soti nan dat 21 me 2020 an.
Rezo asosyasyon nasyonal pou entegrasyon moun andikape yo voye pinga bay otorite Leta yo, pou yo pa tonbe nan fè vyolans sou moun, detan yo di y ap fè respekte konsiy otorite lasante yo ak sa ki di nan dekrè 21 me 2020 an, ki depaman ak lalwa ak konstitisyon an.
Li nesesè pou lapolis ak lòt enstitisyon, ki la pou sa, mete yon bout nan aktivite k ap rasanble anpil moun, pou anpeche moun kontinye trape mikwòb Kowonaviris lan.
Pandan peryòd moun ap rete lakay yo, kantite ka vyolans sou ti fi yo ogmante nan depatman Sid la, dapre direktris Ministè kondisyon fanm ak dwa fanm nan depatman sa a, Dichly Sylvain.
Detan li di l ap f è kanpay sansiblizasyon sou zak malonèt sa yo, Ministè kondisyon fanm ak dwa fanm nan depatman Sid lan di li difisil anpil, pou yo fè bon jan suivi sou divès ka kadejak, yo anrejistre nan depatman an.
Paske, gen gwo chabrak ki ta vle pwoteje atoufè, ki reskonsab zak kadejak sa yo sou ti fi, nan depatman Sid lan. [rf jep emb rc apr 29/05/2020 15:30]