Pòtoprens, 27 me 2020 [AlterPresse] --- Plizyè moun nan sosyete sivil ayisyèn nan, pami yo ansyen senatè Steven Benoit ak ekonomis Emmanuela Douyon, mete sou pye yon estrikti, nan objektif pou ankouraje yon bonjan kontwòl sou depans Leta a ap fè, nan kontèks Kovid-19 lan (epidemi kowonaviris lan).
se nan dat 21 me 2020 an, yo lanse inisyativ sa a.
Yo vle siveye depans piblik yo, detan y ap pote kole, pou rive jwenn bon jan rezilta, nan sèvis enstitisyon ayisyèn yo dwe bay popilasyon an, nan kad batay pou kwape mikw òb Kovid-19 lan.
Estrikti sa a vle tou fè sanssiblizasyon bò kote popilasyon an, detan y ap pote sipò bay tout moun, yo ta maspinen dwa yo.
Pawòl ekonomis Emmanuela Douyon, youn nan manb estrikti sa a, ki t ap pale ak ajans enf òmasyon sou entènèt AltèPrès ak AltèRadyo. [rf emb rc apr 27/05/2020 13:32]