Español English French Kwéyol

Politik : Pa gen okenn kondisyon, ki reyini, pou eleksyon serye ta fèt nan lane 2020, nan peyi d Ayiti, dapre Fowòm patriyotik Papay

Pòtoprens, 27 me 2020 [AlterPresse] --- Pa gen okenn kondisyon, ki reyini pou eleksyon serye ta fèt nan lane 2020, nan peyi d Ayiti.

Se dizon Fowòm patriyotik Papay, nan yon nòt pozisyon, ki pote dat 26 me 2020 an, yo voye bay ajans enfòmasyon sou entènèt AltèPrès.

Evènman politik yo ak kriz lasante, peyi d Ayiti ap viv lan kòmanse mete prezidan Jovnèl Moyiz nan kouri.

Jou ap bare l.

Se sa k fè, nan okazyon 18 me 2020 an, li te lanse yon kri dezespwa, alòske, nan moman an, pa gen okenn kondisyon, ki reyini, pou òganize bon jan eleksyon nan lane 2020 an, dapre Fowòm patriyotik Papay.

Nan nivo teknik tou, okenn eleksyon pa ka fèt nan peyi a anvan 180 jou, menm si tout kondisyon yo ta deja reyini, dapre Fowòm patriyotik Papay.

Pa egzanp, sa mande tan pou mete kanpe yon Konsèy elektoral pwovizwa, pou vini ak yon lwa elektoral, ki jwenn patisipasyon ak dizon tout fòs nan sosyete a, epitou pou pase men nan lis elektoral lan. [rf emb rc apr 27/05/2020 13:30]