Español English French Kwéyol

Fonvèrèt rele pou lavi reboujonnen

Deklarasyon Gwoup inisyativ pou komemore 23 me 2005 nan Fonvèrèt

AlterPresse jwenn dokiman sa a 22 mai 2005

23 me 2004: Fonvèrèt tonbe

23 me 2005 : Fonvèrèt rele pou lavi reboujonnen

23 me 2004, 23 me 2005, YON LANE APRE INONDASYON AN, moun Fonvèrèt toujou ap viv yon sitiyasyon difisil. Inondasyon sa a se te yon evenman trajik nan lavi nou. Li vin pi trajik ankò lè nou wè kòz ki te pwovoke inondasyon an vin pi grav chak jou. Malgre gwo pwomès gouvènman an te fè viktim yo, anyen pa fèt. Kidonk, Fonvèrèt lage tankou yon chen san mèt.

Anviwonman

Nan sa ki gen awè ak anviwonman, se tout moun k ap pouse yon rèl pou mande sekou. Se chak jou, pou pi piti 5 kamyon planch ap soti nan forèdepen, pase nan Fonvèrèt pou ale Pòtoprens. Lè moun Fon Parizyen, ki pi ba, wè jan yomenm tou yo menase ak pakèt pyebwa k ap koupe anwo a, yo mete men nan debake kamyon planch yo. Leta pa ba yo okenn kolaborasyon. Li pa fè anyen. Jedi 5 me 2005 la, nan aswè, 8 djip polis Kwadèboukè bay sis kamyon planch sekirite pou yo pase. Se ak gwo zam yo te tire pou fè moun pè, dekwa pou machin yo ka pase. Popilasyon Fonvèrèt la denonse zak sa a. Alòske moun ki te gen kay yo domaje nan inondasyon ane pase yo toujou ap viv ak kè sote, aktivite dechèpiye forèdèpen an pa janm sispann.

Yon lane apre inondasyon an, dega ki te fèt nan mòn yo pa repare. Basen Vèsan an yo louvri pi laj. Tèt mòn yo pi dekale. Menm zwazo yo pa ka viv ankò. Leta pa ede moun Fonvèrèt plante menm yon pyebwa, alewè pou l ta tabli nan zòn nan pepinyè oswa ede nou yo fè konsèvasyon sòl. Eske lavi ap reboujonnen nan Fonvèrèt?

Sitiyasyon viktim yo

Leta pa fè anyen pou retire moun yo anba tant kote solèy ap boule yo lajounen, imidite ap kokobe yo lannwuit. Maladi ak grangou ap fin touye yo. Yo pa gen ni dlo, ni latrin. Pou dlo pa pase pran yo ankò, kèk moun al monte kay yo nan mòn, piske Leta pa janm ka di yo ki kote pou yo bati. Nan jan mouvman konstriksyon sa a ap fèt la, sa ka kraze anviwonman an pi rèd ankò.

Plizyè elèv lekòl te viktim nan inondasyon an 23 me 2004 yo. Genyen ki te pèdi manman yo ap papa yo nan sitiyasyon trajik sa a. Anpil nan timoun sa yo, toujou pa gen kay pou yo rete, e anpil nan yo pa ale lekòl. Anyen pa janm fèt pou yo. Se bon pwochen k ap voye je sou yo. Jiskilè lavi a ap reboujonnen pou timoun sa yo ?

Kesyon wout la

Wout ki mennen nan Fonvèrèt la pase nan yon ravin. Koulye a, nou tande Leta ap voye fè netwayaj ladan l. Se sa yo rele travay nan wout Fonvèrèt. Se desan mil(200,000) moun k ap vwayaje nan wout sa a soti Bèlans pou rive Pòtoprens. Eske Leta panse ak sekirite pou moun k ap vwayaje nan wout sa a ?

Iresponsabilite gouvenman an

N ap pwofite fè konnen tou, depi 20 mwa, pa janm gen polisye nan Fonvèrèt. Lapolis pase sèlman lè yo pral bay machin planch yo sekirite. Lè otorite yo pa pran reskonsablite yo konsa, kilès k ap ede lavi reboujonnen nan Fonvèrèt?

Prezidan Bonifas ak Preminis Latortue te pwomèt nou y ap konstwi kay pou nou pa rete nan ravin nan. Jis jounen jodi a, anyen pa fèt. Fanm kou gason, timoun gou granmoun aje, nan Fonvèrèt, pa gen ankenn dwa pou yo viv.

Nan okazyon premye anivèsè dezas sa a, se 45,000 moun k ap rele pou lavi reboujonnen nan Fonvèrèt. Se mizè, imilyasyon, mepri, grangou moun Fonvèrèt ki soti nan rèl sa a. Moun Fonvèrèt mete ansanm pou yo pouse nan okazyon sa a yon gwo rèl bay tout nasyon. SE POU LAVI REBOUJONNEN NAN FONVERET !

Se Gwoup inisyativ pou komemore 23 me 2005 nan Fonvèrèt ki siyen apèl sa a.

Gwoup la gen ladan reprezandan plizyè òganizasyon Fonvèrèt tankou :

UCIF, AEVF, OFAD, OJEPF, OJAF, OPAF ak konkou kèk patnè tankou GARR ak CHANDEL.