Español English French Kwéyol

Ayiti-Politik : Pati politik Akao denonse pèsekisyon, ekip ki sou pouvwa a ap fè kont Rezo nasyonal k ap defann dwa moun

Pòtoprens, 15 me 2020 [AlterPresse] --- Pati politik Aksyon pou konstwi yon Ayiti òganize (Akao) denonse, ak tout fòs li, pèsekisyon, ekip ki sou pouvwa a ap fè Kont Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo, nan yon pozisyon ki vin jwenn ajans enfòmasyon sou entènèt AltèPrès.

Objektif zak sa yo, se fèmen bouch Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo, ki travay anpil nan lonje dwèt sou zak maspinayn dwa moun ak pratik koripsyon administrasyon Jovenel Moïse lan, daprè pati politik Akao.

Akao di anons rechèch plis konvokasyon Inite lit kont koripsyon, kont Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo, antre nan yon seri pratik kaponnay, ekip Pati ayisyen tèt kale a, ki sou pouvwa a, ap deplòtonnen, depi kèk tan, poul fè sitwayèn ak sitwayen, ki pa danse kole ak move ajisman yo, fouye kò yo lan twou.

Pati politik Akao a mande tout popilasyon an rete veyatif, fas ak pouvwa Pati ayisyen tèt kale an, ki pa sispann ap atake, chak jou pi plis, libète piblik yo.

Endividi, moun pa rive idantifye, te tire sou lokal Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo, lannuit dimanch 10 pou antre lendi 11 me 2020 an, nan moman kouvrefe an.

Plizyè òganizasyon, sitou dwa moun, leve lavwa, ak tout fòs yo, kont atak sa a sou Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo, nan menm moman tantativ pèsekisyon Inite lit kont koripsyon an. [rf emb rc apr 15/05/2020 15:05]