Pòtoprens, 14 me 2020 [AlterPresse] --- Sou chak 100 moun ki trape mikwòb Kovid-19 lan, gen 7 ak 8 ki mouri nan peyi d Ayiti, dapre sa ajans enfòmasyon sou ent èn èt AltèPrès aprann.
Gen plizyè eleman ki lakoz sitiyasyon sa a, dapre esplikasyon doktè Ernst Noel, yon espesyalis nan maladi enfeksyon, bay nan yon kozman ak laprès, jedi 14 me 2020 an.
Premye eleman an, moun, ki trape mikwòb Kovid-19 lan, pran twòp tan, anvan y al wè doktè. Sa ki konn fè maladi a gen tan devlope sou twòp sou yo.
Lòt eleman, anpil nan moun, ki trape mikwòb Kovid-19 lan, nan peyi a, se moun ki deja ap viv ak yon lòt maladi.
L è l konsidere ki jan kantite moun k ap trape mikwòb Kovid-19 lan, naan kontak youn ak lòt, ap ogmante, chak jou pi plis, sa yo rele ka transmisyon kominotè yo, doktè Ernst Noel rete kwè se bon moman pou popilasyon an pran plis prekosyon posib.
Yon fason pou gen mwens moun ki trape mikwòb Kovid-19 lan, nan peyi d Ayiti. [rf emb rc apr 14/05/2020 15:45]