Español English French Kwéyol

Ayiti-Akizasyon kadejak sou jèn foutbolèz : Prezidan Federasyon ayisyen foutbòl la, Yves Jean-Bart, pote plent kont ’’X’’ douvan lajistis

Pòtoprens, 12 me 2020 [AlterPresse] --- Prezidan Federasyon ayisyèn foutbòl lan, Yves Jean-Bart, pote plent kont X, nan tribinal sivil Kwadèboukè, pou medizan mal palan, move pawòl, ki atake diyite l, ak asosyasyon malfektè yo ta fè kont li, dapre sa ajans enfòmasyon sou entènèt AltèPrès aprann.

Doktè Yves Jean-Bart anba akizasyon zak kadejak ak tizonnay, li ta fè sou plizyè jèn foutbolèz seleksyon nasyonal foutbòl la, dapre jounal peyi angle yo rele « The Guardian ».

Mèt Stanley Gaston ak Mèt Mosler Georges, ki se avoka Yves Jean-Bart, fè konprann yo krenn pou yon seri moun ta fè presyon oubyen pouse lòt moun al pote plent kont doktè Yves Jean-Bart.

Avoka prezidan Federasyon ayisyèn foutbòl la fè konnen se yon gwo krim lalwa pini, lè moun ap fè fo deklarasyon. [rf emb rc apr 12/05/2020 15:35]