Pòtoprens, 12 me 2020 [AlterPresse] --- Yon douzèn òganizasyon leve vwa yo byen wo kont depòtasyon, migran ayisyen yo kontinye ap sibi nan peyi Etazini, nan peryòd maladi kowonaviris lan, dapre enfòmasyon ajans sou entènèt AltèPrès ranmase.
Pami òganizasyon sa yo, nou jwenn Gwoup k ap apiye rapatriye ak refijye yo (Garr), Komisyon episkopal nasyonal legliz katolik women Jistis ak lapè (Jilap), Platfòm òganizasyon ayisyen dwa moun.
Òganizasyon sa yo swete prezidan repiblik Ayiti an negosye yon antant ak dirijan ameriken yo, nan lide pou yo sispann depòte Ayisyen yo, nan peryòd epidemi kowonaviris lan.
Yo mande Jovnèl Moyiz ankouraje gouvènman li an pran dispozisyon, pou pèmèt migran ayisyen, ki nan sitiyasyon difisil nan peyi Repiblik Dominiken yo, rantre nan peyi a, oubyen pou gouvènman li an ta mete sou pye yon pwogram ekonomik pou moun sa yo, atravè anbasad ak Konsila Ayiti yo nan Repiblik Dominiken.
Otorite amerikèn yo depòte yon gwoup 50 Ayisyen, ki rive nan peyi a nan dat lendi 11 me 2020 an.
Plizyè nan moun sa yo te nan prizon nan peyi Etazini.
Moun sa yo ta sipoze ale nan yon sant siveyans pandan 14 jou.
Sizoka, aprè peryòd 14 jou sa yo, yo jwenn yo pa gen mikwòb kowonaviris lan, lè yo va fè tès sou yo, 50 moun sa yo ap kapab ale lakay fanmi yo, daprè enfòmasyon otorite konsènen yo bay. [rf emb rc apr 12/05/2020 13:00]