Español English French Kwéyol

Kovid-19 : Yon dezyèm lo materyèl ak ekipman lasante rive lendi 11 me 2020 an, nan peyi d Ayiti

Pòtoprens, 11 me 2020 [AlterPresse] --- Yon dezyèm lo materyèl ak ekipman lasante rive nan peyi d Ayiti, jounen lendi 11 me 2020 an, daprè sa ajans enfòmasyon sou entènèt AltèPrès aprann.

75 mil salopèt, 25 mil gwo blouz, 500 kabann, 15 mil mas N95 (pou moun k ap bay swen nan lopital yo), se kèk, pami materyèl otorite lasante yo resevwa nan dezyèm lo sa a.

Se 463 tòn materyèl peyi d Ayiti dwe resevwa nan men peyi Lachin, pandan plizyè vwayaj.

Premye lo materyèl, gouvènman ayisyen an te kòmande yo, te rive nan dat jedi 7 me 2020 an, nan peyi d Ayiti.

Gouvènman an te pase kòmann sa yo pou plis pase 18 milyon dola ameriken, nan peyi Lachin (Jounen jodi a, ou bezwen pou pi piti 107 goud pou w achte yon dola ameriken, 122 goud pou w achte yon ewo). [rf emb rc apr 11/05/2020 15:30]