Español English French Kwéyol

Ayiti-Kilti : Ministè kilti ak kominikasyon di tristès li, apre lanmò tanbourinè Joseph Lavaud

Pòtoprens, 11 me 2020 [AlterPresse] --- Ministè kilti ak kominikasyon di li aprann, ak anpil sezisman, nouvèl lanmò, nan dat vandredi 8 me 2020 an, gwo tanbourinè Joseph Lavaud, tout moun te konnen sou non ti Do.

Se nan lopital Ofis asirans aksidan travay, maladi ak matènite (yo plis konnen sou non Ofatma), nan Pòtoprens, kote li te entène, Ti Do rann dènye souf li.

Ti Do mouri, 22 jou aprè disparisyon, jedi 16 avril 2020 an, konpany li, manbo Annette Auguste, moun te plis konnen sou non Sò Àn.

Joseph Wilfrid Lavaud te gen anpil konesans nan mizik tradisyonèl ayisyen an.

Ministè kilti ak kominikasyon fè sonje divès refleksyon tanbourinè Lavaud, moun plis konnen sou non Ti Do, te konn fè sou mizik rara an, ki se yon poto mitan nan lakilti peyi d Ayiti.

Ti Do te boukante konesans li, nan kad yon seri konferans biwo nasyonal etnoloji te konn òganize sou melodi ak dans rara, nan lane 2011. [jep emb rc apr 11/05/2020 09:45]