Pòtoprens, 11 me 2020 [AlterPresse] --- Li enpòtan pou tout moun mete mas pwoteksyon, pou evite yo trape mikwòb Kovid-19 lan, menm si yo pa ta respekte distans fizik lan.
Pawòl doktè Lauré Adrien, ki se direktè jeneral Ministè sante piblik ak popilasyon (Mspp). Doktè Adrien se youn nan 2 doktè k ap dirije komisyon miltisektoryel, ki anchaje epidemi Kovid-19 lan.
Mas pwoteksyon espesyal, yo rele N95 yo ak mas pwoteksyon nan moman operasyon nan lopital yo, se moun k ap bay swen yo sèlman ki dwe sèvi ak yo, dapre presizyon doktè Adrien, nan yon kozman ak laprès dimanch 10 me 2020 an.
Gen anpil moun ki koumanse ap trape mikwòb Kovid- 19 lan nan kontak youn ak lòt, nan peyi d Ayiti, alòske gen anpil moun ki derefize fè tès, pou konnen si yo pa gen mikwòb lan.
Ministè kilti ak kominikasyon fè konnen li gen nan men l 35 mil mas pwoteksyon, li gen pou distribye bay moun ki nan medya ak òganizasyon ki makònen ak ministè an.
Mete mas pwoteksyon se yon jès sitwayen, ki ka pèmèt yon moun pwoteje tèt li, detan l ap pwoteje lòt moun kont mikwòb Kovid-19 lan, dapre ministè kilti ak kominikasyon.
Ministè komès di gen anpil izin k ap travay, pou rive fè 14 milyon mas pwoteksyon, pou peyi an.
Gouvènman di li gen pou distribye yon kantite chak semèn, jouk rive nan dat madi 30 jen 2020 an.
Sou 14 milyon mas pwoteksyon sa yo, Rezo atizan ayisyen an ap gen pou fè yon milyon.
An atandan, gen 3 lòt moun ki mouri anba maladi Kovid-19 lan, nan peyi d Ayiti, sou 31 nouvo ka moun yo jwenn ki gen mikwòb lan, nan dat samdi 9 me 2020 an, dapre ministè sante piblik ak popilasyon an.
Sa ki bay yon total 182 ka moun ki trape mikwòb Kovid-19 lan, depi jedi 19 mas 2020 an.
Konsa, jounen jodi a, gen 150 moun k ap debat naba maladi Kovid-19 lan, gen 17 moun ki mouri, men gen 15 ki geri.
Kounye a, nou jwenn 126 ka Kovid-19 nan depatman lwès lan, kote Pòtoprens chita. ,
Gen 18 ka Kovid-19 nan depatman Latbonit, 12 ka nan Nòdès, 6 nan Sidès, 8 nan depatman Nò, 3 nan Plato Santra, 3 nan Nip, 3 nan Nòdwès, 2 nan Grandans, 1 nan depatman Sid. [jep emb rc apr 11/05/2020 09:20]