Pòtoprens, 7 me 2020 [AlterPresse] --- Premye lo materyèl, gouvènman ayisyen an te kòmande yo, rive jedi 7 me 2020 an nan peyi d Ayiti, daprè sa ajans enfòmasyon sou entènèt AltèPrès aprann.
Gouvènman an te pase kòmann sa yo pou plis pase 18 milyon dola ameriken, nan peyi Lachin. Jounen jodi a, ou bezwen pou pi piti 105 goud pou w achte yon dola ameriken.
Nan lo materyèl sa yo, nou jwenn 500 kabann konplè, 100 respiratè atifisyèl, 250 mil ekipman espesyal pou pwoteje doktè, k ap gen pou bay malad Kovid-19 yo laswenyay.
Gen tou 200 mil mas chiriji (pou sal operasyon), 50 mil mas N95 pou moun k ap bay malad Kovid-19 yo swen, 137 mil 760 linèt pwoteksyon epi 100 charyo pou respiratè atifisyèl yo, daprè minis sante piblik la ak popilasyon an, Doktè Marie Greta Roy Clément.
463 tòn materyèl lasante, yo te kòmande yo, pa t ap kapab vini nan yon sèl vòl, dapre ministè sante pilik.
Rès materyèl yo ta sipoze rive nan peyi a, nan youn oubyen 2 semèn ankò.
Gen 2 mil 500 oksijèn ak 9 dèlko pou oksijèn, ki ta sipoze rive nan peyi d Ayiti, nan jou k ap vini yo.
Jovnèl Moyiz, ansanm ak premye minis li an Jozèf Jout, t al nan aryopò entènasyonal Pòtoprens, pou resevwa lo materyèl lasante sa yo. [rf emb rc apr 07/05/2020 14:15]