Pòtoprens, 4 me 2020 [AlterPresse] --- Aksyon entènasyonal pou dwa moun di li gen gwo kè kase, lè li wè anplwaye lopital piblik yo antre nan yon grèv san bout, alòske nou nan peryòd Kovid-19 lan.
Nan yon entèvyou li bay AltèRadyo, Aksyon entènasyonal pou dwa moun leve vwa l kont sitiyasyon, ki lakoz se malad oswa paran malad yo ki pou achte materyèl, tankou gan ak twal gaz, ki pou pèmèt yo jwenn swen nan lopital piblik yo.
Oganizasyon entènasyonal sou dwa moun nan envite gouvènman Moyiz/Jout lan pran bon jan dispozisyon, pou fè respekte dwa moun yo, pami yo dwa lasante moun ki gen plis bezwen nan popilasyon ayisyèn nan.
Ant jedi 19 mas 2020 an rive dimanch 3 me 2020 an, gen 11 moun ki mouri, anba maladi Kovid-19 la nan peyi d Ayiti, daprè dènye enfòmasyon ofisyèl ki soti nan Ministè sante piblik ak popilasyon (Mspp). [rf emb rc apr 04/05/2020 16:12]