Pòtoprens, 4 me 2020 [AlterPresse] --- Apati lendi 11 me 2020 an, tout moun ta fèt pou gen mas pwoteksyon nan figi yo, nan espas piblik yo, dapre yon kominike Premye minis Jozèf Jout, ki rive jwenn ajans enfòmasyon sou entènèt AltèPrès.
Desizyon sa a ap valab jiskaske gouvènman pran yon lòt dispozisyon, dapre Jozèf Jout .
Dispozisyon sa a konsène anplwaye ki nan espas travay yo, chofè kamyon, taksi, moto, pasajè ak pasaje ki nan transpò, kit se sou latè, anlè oubyen sou lanmè, sitwayèn ak sitwayen k ap mache nan lari, sou plas piblik oubyen nan mache, epi tout moun k ap ale nan lopital, magazen, bank ak tout lòt enstitisyon piblik kou prive.
Ministè enteryè ak kolektivite teritoryal yo ak Ministè lajistis jwenn bon jan enstriksyon pou yo fè respekte dispozisyon sa a, dapre Jozèf Jout.
Gouvènman an pa di ki akonpayman l ap bay, pou pèmèt tout moun jwenn mas pwoteksyon yo.
Sou 88 moun yo jwenn enfekte nan Kovid-19 lan, nan peyi d Ayiti, gen 9 moun ki mouri epi gen 10 lòt ki geri. Sa a, se dènye bilan ofisyèl Ministè sante piblik mete deyò nan dat premye me 2020 an.
Pami moun ki enfekte nan maladi a, 48 se ka ki sot lòt bò (nan peyi etranje), alòske 40 se transmisyon lokal.
35 pousan enfeksyon sa yo se fam, alòske rès 65 pousan yo se gason.
Depatman lwès gen 56 ka enfeksyon nan maladi Kovid-19 lan, alòske depatman Nòdès gen 11.
Se 2 depatman sa yo, ki gen plis ka kontaminasyon nan Kovid-19 lan, nan peyi d Ayiti, nan dat premye me 2020 an, dapre Ministè sante piblik. [jep emb apr rc 04/05/2020 10:10]