Pòtoprens, 29 avril 2020 [AlterPresse] --- Li enpòtan anpil pou gen transparans, pou tout bagay klè, nan depans k ap fèt yo pou goumen kont mikwòb Kovid-19 lan na peyi d Ayiti.
Se ekzijans sa a manm Komisyon miltisektoryèl, sou kesyon kowonaviris lan, fè nan yon kozman ak laprès, ajans enfòmasyon sou entènèt AltèPrès te suiv, jou mèkredi 29 avril 2020 an.
Manm Komisyon miltisektoryèl yo mande bon jan kontwòl, sou kòb òganizasyon entènasyonal yo bay yo, nan lide pou yo wè si bourad lajan sa yo koresponn ak plan yo mete sou pye an Ayiti a.
Kounye a, komisyon miltisektoryèl, ki anchaje jere kriz kovid-19 la, ap travay pou mete kanpe yon ekip kominikasyon, ki ta pèmèt kominikasyon, sou maladi an, fèt pi byen.
L ap travay tou pou l mete plizyè sant, ki kapab resevwa moun ki trape maladi a, dapre youn nan prezidan komisyon sa a, Doktè Jean William Pape.
Gouvènman Jozèf Jout lan te fè konnen li kòmande 18 milyon dola materyèl ak ekipman lasante, ki ta sipoze rive, nan peyi d Ayiti, kouran mwa me 2020 an.
Nan kòb sa a, yo depanse 900 milyon goud, kòm frè transpò nan avyon, olye bato, ki t ap koute mwens, men ki t ap pran plis tan (jis nan mwa jen 2020 an), pou rive nan peyi d Ayiti, dapre deklarasyon Jovnèl Moyiz.
Doktè Jean William Pape di difikilte, pou materyèl sa yo rive nan peyi a, bay manm komisyon yo anpil kè kase. [rf emb rc apr 29/04/2020 20:45]