Español English French Kwéyol

Ayiti-Istwa : Asosyasyon Saj Veye Yo mande jistis pou viktim masak, 26 avril 1963 ak 26 avril 1986, sou rejim bout di Divalye yo

Pòtoprens, 28 avril 2020 [AlterPresse] --- Solidarite ant jèn konbit veye yo (Saj veye yo) mande jistis pou tout moun, ki te pèdi lavi yo epi ki te viktim nan masak rejim bout di Divalye yo te fè, nan dat 26 avril 1963, nan yon pozisyon asosyasyon an voye bay ajans enfòmasyon sou entèn èt AltèPrès jwenn.

Saj veye yo leve lavwa tou sou masak lame makout la te fè sou plizyè manifestan, devan Fò Dimanch, nan dat 26 avril 1986. Sa fè 34 lane jodi a.

Krimininèl, vòlò ak bandi legal pa dwe kontinye ap jwi enpinite, daprè Saj veye yo.

Li di l konstate, ak anpil kòlè, fason pouvwa kowonpi Jovnèl Moyizz lan ap pwofite fè koupe rache, nan lajan Leta a, sou pretèks l ap regle koze Kowonaviris la.

Chak jou, sèl bagay moun ka wè, se vin bay laprès kozman, ak Ministè lasante k ap bay chif sou kantite moun ki trape mikwòb Kovid-19 lan.

Pandant tan sa a, lajan ap gaspiye.

Solidarite ant jèn konbit veye yo fè konnen pouvwa Jovnèl Moyiz lan la ap fè yon fason pou maladi Kowonaviris la, mete ak grangou, malsite, depafini ak pèp la.

Pifò sa pouvwa a ap regle, nan gwo pwoblèm sante sa a, se kreye okazyon ak posibilite pou rejim Pati ayisyen tèt kale a (Phtk) kenbe pouvwa a, pandan pèp la limenm ap kontinye viv nan kras, dapre Saj veye yo. [jep emb rc apr 28/04/2020 12:50]