Pòtoprens, 22 avril 2020 [AlterPresse] --- Nan tèt kole ak direksyon depatmant lwès lapolis lan, Direksyon santral polis jidisyè arete plizyè moun, poutèt yo mele nan zak ansasinay epi genyen nan men yo zam ki depaman al lalwa, dapre sa pòt pawòl an apre Lapolis la, enspektè Gary Desrosier, fè konnen nan yon kozman ak laprès, ajans enf òmasyon sou entènèt AltèPrès te suiv, mèkredi 22 avril 2020 an.
Lapolis nasyonal sezi plizyè santèn kilo dwòg mariwana ak kokayin.
Lapolis naasyonal peyi d Ayiti arete 4 moun pou zak ansasinay, sezi 4 machin, plizyè zam otomatik sou fòm pyès detache, 9 mil 580 dola ameriken ak 247 mil 898 goud, nan kad operasyon Lapolis la mennen, soti dimanch 5 avril pou rive jounen mèkredi 22 avril 2020 an.
Na sa ki konsènen polisye vennkatriyèm pwomosyon, ki te tonbe anba bal bandi, nan dat 17 avril 2020 an, pòt pawòl Lapolis la fè konnen yo louvri yon ankèt. Lapolis nasyonal peyi d Ayiti ta deja rive idantifye rezo gang, ki touye polis sa a.
Gary Desrosier fè konnen tou lapolis arete Jean Delins Lobo, akoz li te gen nan men l zam ki depaman ak lalwa, epi l ap fè trafik dwòg. [rf emb rc apr 22/04/2020 16:35]