Pòtoprens, 15 avril 2020 [AlterPresse] --- Komisè gouvènman pakè tribinal sivil Okap ayisyen, Mèt Richemond Florival, lage, lendi 13 avril 2020 an, 42 prizonye, ki te nan prizon sivil komin sa a, dapre sa ajans enfòmasyon sou entènèt AltèPrès aprann.
Liberasyon prizonye sa yo rantre nan kad demach pakè, 18 tribinal sivil nan peyi d Ayiti yo, ap fè, nan tèt kole ak Ministè jistis ak sekirite piblik (Mjsp), pou bese kantite moun ki nan prizon yo, yon fason pou evite mikwòb kowonaviris lan simaye andedan espas sa yo.
Lè li fin lage 42 prizonye yo, pakè tribinal sivil Okap ayisyen an fè konnen prizonye sa yo pa t gen gwo akizasyon sou do yo. [jep emb rc apr 15/04/2020 10:00]