Pòtoprens, 13 avril 2020 [AlterPresse] --- Manbo Euvonie Georges Auguste, responsab Konfederasyon nasyonal vodouyizan ayisyen yo (Knva), anonse, dimanch 12 avril 2020 an, sektè vodou an ap travay, pou l ta rive bay yon pwopozisyon resèt pou trete moun, ki ta trape mikwòb nouvo kowonaviris la, dapre sa ajans enfòmasyon sou entènèt AltèPrès aprann nan yon konferans pou laprès.
« Pa bliye, yon oungan se yon gerisè. Se sa k fè w rele l gangan oubyen ganga. Se sa sa vle di. Se kòm si ou rele l doktè, se yon moun ki la pou geri moun ».
« Knva yo monte yon konsèy, ki rele Konsèy madjawe. Madjawe an, se ekivalan chimis yo nan sektè vodou a. Yo konn fèy yo, yo konn pou ki sa yo bon, yo konnen kouman pou yo doze yo, ki lè se fèy la, k ilè se ekòs la oubyen rasin nan, pou itilize », dapre manbo Euvonie Georges Auguste.
Nan sans sa a, madjawe yo ap reyini pou yo travay, yon fason pou yo pote yon remèd kont kowonaviris lan nan peyi a.
Resèt sila a pral distribye nan tout wonfò yo, daprè sa manbo Euvonie Georges Auguste fè konnen.
Nan sitiyasyon nou ye jodi a, kote yo poko jwenn okenn remèd kont gwo epidemi Kovid-19 lan, nan monn la, responsab Knva yo kwè li enpòtan pou oungan yo genyen yon tretman, paske yo pral resevwa anpil malad.
Konfederasyon nasyonal vodouyizan ayisyen yo mande oungan yo tann modòd la, anvan yo koumanse trete maladi Kovid-19 la.
Piske maladi Kovid-19 lan, fenk parèt, li mande yon etid ki ale pi lwen.
Knva yo mande oungan yo suiv tout konsiy otorite lasante yo, nan kad dispozisyon yo pran pou anpeche gwo epidemi Kovid-19 la gaye nan peyi a.
Yon lòt bò, Kolektif 4 desanm 2013 di li gen gwo kè sote, lè li wè moun yo al danse rara, alòske kantite moun, ki deja trape mikwòb Kovid-19 lan, nan peyi a, pa sispann ogmante.
Depi lè yo idantifye 2 premye moun, ki gen mikwòb Kovid-19 lan, nan dat jedi 19 mas 2020 an, gouvènman an pa fè bon jan kominikasyon, alòske popilasyon an poko kwè epidemi an deja nan peyi a, epi l ap gaye, dapre Jean-Robert Argant, Kowòdonatè Kolektif 4 desanm 2013 lan.
Lè li konsidere sa peyi d Ayiti genyen, kòm estrikti sou teritwa nasyonal lan, Kolektif 4 desanm 2013 lan di li pa wè kouman gouvènman an pral fè fas kare kòmsadwa, douvan menas katastwòf sa a.
Nan dat 12 avril 2020, peyi d Ayiti konte 3 moun (1 fanm ak 2 gason) ki mouri, sou 41 moun yo jwenn ki gen Kovid 19 la, depi dat jedi 19 mas 2020 an. [mj emb rc apr 13/04/2020 12:45]