Pòtoprens, 08 avril 2020 [AlterPresse] --- Gwoup refleksyon ak inisyativ sou andikap la mande gouvènman an, bay moun, ki gen andikap nan peyi d Ayiti, akonpayman kòmsadwa yo, nan moman kokenn epidemi Kovid-19 lan ap gaye, toupatou sou latè.
Kriz sante sa a gen anpil gwo konsekans sou lavi moun ki pi pòv nan peyi a, espesyalman moun k ap soufri anba andikap ak granmoun ki ki gen plis laj yo, daprè sa Gwoup refleksyon ak inisyativ sou andikap la fè ajans sou entènèt AltèPrès konnen.
Nan pwogram lamanjay, gouvènman an di li mete sou pye a, otorite lasante yo pa di ki sa Leta pral fè pou l bay, moun ki gen andikap yo, bon jan akonpayman, nan kriz san parèy sa a.
Chita lakay la, se youn nan pi bon dispozisyon, ki ka anpeche plis moun trape maladi kowonaviris lan.
Men, moun ki gen andikap yo kapab gen anpil difikilte, pou yo benefisye ti èd ak akonpayman, yo te konn jwenn nan men enstitisyon, ki konn ba yo sipò yo.
Pou evite sa, Gwoup refleksyon ak inisyativ sou andikap la kwè li enpòtan, pou otorite konsène yo jwenn yon fason, al chita ak òganizasyon moun ki gen andikap yo ak granmoun yo, pou yo kapab defini ansanm pi bon estrateji anfavè gwoup moun sa yo.
Gwoup refleksyon ak inisyativ sou andikap la ankouraje òganizasyon ak enstitisyon, k ap soutni moun ki gen andikap yo, kontinye fè sansiblizasyon, bò kote moun ki gen andikap yo : sou kouman pou yo pwoteje tèt yo, nan suiv tout konsiy otorite lasante yo bay, tankou lave men yo tanzantan, pa rete nan mitan foul moun, pa soti san bezwen, elatriye. [rf emb rc apr 08/04/2020 13:20]