Pòtoprens, 5 avril 2020 [AlterPresse] --- Kisa ki dwe sèvi poto mitan nan estrateji batay kont maladi Kovid-19 la an Ayiti?
Se yonn nan kesyon magazin TiChèzba, sou AlterRadio 106.1 FM, ak Doktè Dunois Erick Cantave, jinekològ-obstetrisyen epi espesyalis nan jesyon ak administrasyon lasante.
Nan emisyon sa a, ki pase sou AlterRadio 106.1 FM, pandan wikenn 3 avril 2020 an, Doktè Cantave fè konnen kondisyon lavi an Ayiti pa pèmèt tout moun rete lakay yo, jan sa fèt nan anpil peyi.
Pou li, se mas (kachne) pou tout moun mete nan figi yo, pou ralanti kous maladi a.
Sou teren an, maladi a ap vanse, ak yon premye mò epi 6 ka an plis nan yon semèn. Jiska dimanch 5 avril la, ofisyèlman donk te gen 21 ka Kowonaviris konfime nan peyi a.
2 avril la, yo anonse yon timoun 14 lane mouri nan komin Desalin aprè li te prezante kèk siy ki sanble kovid-19 la. Li te soti Repiblik Dominikèn depi 26 mas. Moun ki te an kontak ak li prezante menm siy yo tou, dapre otorite lokal yo. Yo te fè konnen gen tès k ap fèt.
Sou teren an toujou, gen lopital ki anonse yo fèmen pòt yo paske yo pa gen mwayen pou reponn demann popilasyon an.
Kisa ki dwe poto mitan nan estrateji batay kont Covid-19 la an Ayiti? Doktè Dunois Erick Cantave, jinekològ-obstetrisyen...
Publiée par AlterRadio sur Vendredi 3 avril 2020
Finalman, Selil syantifik sou kriz Kovid-19 la fè premye reyinyon li 3 avril la. Premye rekòmandasyon selil la te gen pou al jwenn gouvènman an nan wikenn 3 avril la.
Plizyè kò pwofesyonèl reklame plas pa yo nan selil syantifik la, tankou biyolojis yo ak famasyen yo.
Selil Kominikasyon an te fè premye reyinyon pa li 31 mas 2020 la, yon reyinyon kote yo lonje dwèt sou kakofoni ki genyen nan kominikasyon k ap fèt sou kriz la.
Kèk obsèvatè estime se politik ki prime nan jan otorite yo ap abòde kriz la, sa ki pap ede nan kreye konfyans ki endispansab pou leve defi Kowonaviris la. Kesyon ap poze tou sou ki estrateji Ayiti ap suiv pou li rive fè fas a kriz la.
Otorite yo pa sispann mande popilasyon an pou respekte prensip ijyèn, pran distans yonn ak lòt epi rete lakay, pou epidemi an pa pwopaje.
Nan nivo entènasyonal, anons ap fèt sou fon y ap mobilize pou soutni Ayiti nan michan kriz sa a. Konsey administrasyon Bank mondyal di li apwouve yon don 20 milyon dola ameriken pou ede Ayiti reponn menas pandemi koronavirus la.
Premye Minis Joseph Jouthe fè konnen plizyè Patnè Pami yo Linyon Ewopeyèn ak Òganizasyon Eta Ameriken pwomèt gouvènman Ayisyen an yon sipò Finansye. [gp apr 05/04/2020 11:00]