Gotson Pierre
Pòtoprens, 31 mas 2020 [AlterPresse] --- Pandan kriz Covid-19 la ap vale teren epi koumanse frape nou an Ayiti, yon seri reflèks tradisyonèl, reflèks « bokit », kontinye domine nan fason reskonsab yo ak plizyè sektè nan sosyete a ap abòde reyalite a, dapre sa AlterPresse obsève.
Reflèks « bokit » la parèt nan fason minis sante ayisyen an parèt nan yon foto lòt jou, kote li t ap resevwa yon chajman bokit òganizasyon entènasyonal Unicef la t ap bay Ayiti, nan kad èd pou kòlta ak kriz Covid-19 la.
Atitid sa a kapab tradui, non sèlman yon rapò ant Ayisyen ak etranje, men tou yon rapò ant Ayisyen yo ak tèt yo, ak reyalite yo, ki chita sou yon vizyon tradisyonèl relasyon sa yo.
Genyen yon pwoblèm apwòch sitirasyon kriz k ap frape peyi a. Sa parèt nan fason otorite yo ak kèk lòt aktè ap fè mizanplas pou kanpe anfas Covid-19 la, e sa bay espesyalis nan sektè medikal la, ansanm ak divès moun k ap suiv, anpil enkyetid.
Pwoblèm enfòmasyon ak transparans
Dabò, gen kesyon sou kapasite reskonsab yo pou rive etabli ki sitirasyon reyèl, ki gen nan peyi a, ki anrejistre premye ka Kowonaviris la depi 19 mas 2020 an.
Gen espesyalis ki pa fouti kwè se sèlman 15 ka ki genyen, nan plis pase 10 jou an Ayiti, lè yo gade tablo maladi a bay nan divès peyi li frape, pami yo peyi vwazen nou Repiblik Dominikèn.
Si pa gen yon konesans klè sou sitirasyon reyèl la, Ayiti pa fouti devlope yon veritab estrateji epi òganize yon prizanchaj adapte.
Pwoblèm enfòmasyon an poze tou sou fòm mank transparans.
Egzanp : kòmand materyèl Leta fè aletranje pou 18 milyon dola a semèn pase. Anpil rimè ap kouri, paske pa gen yon enfòmasyon ofisyèl klè sou kòmand sa a, ak dokiman ki mache ak li. Ki kantite li kòmande, nan ki materyèl, pou ki pri ? Èske pri yo kadre ak pri nòmal, ki genyen sou mache entènasyonal la ?
Èske selil syantifik, gouvènman an fèk tabli a, okouran epi bay avi li sou kòmand ki fèt la, nan sans pou evalye veritableman si li reponn bezwen ki pi ijan, ki genyen nan sektè lasante a ?
Absans otorite eklere ak kredib
Anpalan sou komite, espesyalis yo di yo santi yon flou onivo otorite ki sèvi kòm referans nan jesyon kriz la. Plizyè vwa ap pale epi gen tandans bay yon kakofoni.
Nan lòt peyi, tankou Lafrans, nou wè kouman minis sante a Olivier Veran pran lidèchip kesyon an, pou sa ki konsène zafè lasante estrikteman, pandan gen syantifik k ap bay avi yo, tandiske nivo administratif la rete nan men premye minis Edouard Philippe.
Nan Etazini, prezidan Donald Trump ap di ki wout li vle fè nan nivo jeneral. Men gen egzanp kote sekretè sante a, doktè Alex Azar, reprann li, pou fikse règ ki enpòtan pou moun respekte, nan konjonkti kriz sante estrèmman difisil sa a pou Etazini.
Otorite yon syantifik, tankou doktè Anthony Fauci, yon manm enpòtan nan « task force » mezon blanch la, rete yon referans kapital. Pandan Trump ap tèjivèse, se li ki vini, dimanch 29 mas la, pou mete avètisman sa a : si yo pa respekte mezi karantèn nan, yo gen dwa rive ant 100 mil a 200 mil mò nan Etazini, ak plizyè milyon moun ki enfekte. Sa blije fè Trump reflechi epi ranvwaye desizyon l, pou li te fè ekonomi ameriken an rekoumanse fonksyone nòmalman, apati mitan mwa avril 2020 an.
An Repiblik Dominikèn, lidèchip nan kesyon sante a, nan moman kriz sa a, se minis sante a Rafael Sánchez Cárdenas, ki genyen l. Li nan konferans près toulejou, pou bay detay sou sitirasyon an. Men, dispozisyon pou lòt kesyon nasyonal, ki konsène kriz la, se zafè pa prezidan Danilo Medina.
Epitou, an Repiblik Dominikèn, laplipa detay sou opsyon pouvwa a ap pran ak depans y ap fè nan kad kriz la, yo nan medya, yo antre nan deba nan opinyon piblik la.
Isit la, li lè li tan pou Ayisyen yo santi otorite referans, nan domèn ki konsène yo, otorite ki asime lidèchip ak responsabilite anfas kokenn kriz sa a, nan yon peyi ki fèb anpil, kote popilasyon an te deja nan grangou, kote pwomiskite a se yon reyalite k ap pete je nou toupatou nan vil yo.
Y ap pale sou Task Force ki kreye, men kote manifestasyon task force sa a ? Pa gen yon konferans oubyen yon entèvansyon piblik ki fèt kòm tèl.
Kesyon k ap poze : èske se yon fòm mepri pou popilasyon an, ki parèt konsa ?
Fo ipotèz
Dapre espesyalis yo, se absans otorite eklere sa a, ki fè n ap naje nan fè nwa, ak yon bann fo ipotèz. Tout moun vin nan sitirasyon, kote y ap reve yon mirak, paske yo konnen pa gen anken dispozisyon pou fè fas, oubyen yo gen tandans kwè ankò, se lòt peyi yo, se pa noumenm. Erè grav, nou kab peye twò chè.
O wi, nou nwa, nou gen solèy, nou te pran vaksen bcg kont tibèkiloz, nou te pase maladi malarya, nou te pran remèd kont malarya… ! O wi vaksen nou te pran deja kab pwoteje nou… !
Alòs, Italyen pa t pran vaksen kont grip ? Ameriken, Espayòl, Franse pa pran vaksen kont grip ?
Enben mezanmi, medsen, ki travay pandan plizyè dizèn ane nan Etazini, di nou, Etazini, Itali, Espay, Lafrans, nanpwen peyi kote moun yo vaksinen konsa !
Yonn nan esplikasyon syantifik sou jewografi maladi a, se fason mondyalizasyon an òganize. Peyi ki pi konekte yo, ki gen plis aktivite ekonomik mondyalize, ki resevwa plis touris, se yo ki an premye liy. Sa pa vle di, lòt yo pa egzan. Se jis yon kesyon tan, jan plizyè espesyalis remake sa. Se poutèt sa dayè yo pa sispann rele pinga pou Lafrik la. Yo mande Afriken yo san rete pou ranje kò yo !
Se menm bagay pou nou. San nou p ap alame pèsonn, li prèske twò ta pou nou.
Fòk otorite yo, syantifik yo, pwofite, pandan gen kèk posiblite toujou, pou fè mizanplas, ki nesesè yo.
Nou p ap fè tèt nou ilizyon. Nan kèk jou ankò, kisa k di (paregzanp) Leta ap gen kapasite operasyonèl, pou òganize aksyon li swete pran yo ?
Deja, nou wè kouman prizanchaj la ap fèt nan debandad, san pwotokòl. Tande temwayaj pwofesè yo te manke lenche nan Limonad la, paske li te montre kèk siy maladi a. Otorite yo te menm rive bay manti pou yo pa avwe feblès yo. Se menm tablo apeprè, ki prezante nan ka chantè Roody Roodboy la, kote te gen kafouyay ak yon mank etik ak respè moun, atis la denonse.
Inyorans ak lamizè
Men, bon… Tout sa n ap di la a, chita sou yon seri pwoblèm estriktirèl tou.
Si Leta ansanm ak elit yo pa asire gen lekòl pou tout popilasyon peyi a san diskriminasyon, se nòmal pou iyorans layite.
Si Leta ak elit yo pa asire gen yon minimòm estrikti sante k ap fonksyone depi lontan, si sa pa t janm yon priyorite, se nòmal pou nou nan kouri.
Espeyalis yo raple, nou te fè fas a menm defi yo nan sa k konsène Sida. Sa te pran tan, pou nou vin konprann se yon maladi kou tout maladi.
Nan sa k konsène mwayen, si se pa t èd entènasyonal nan kesyon Sida a, nou pa konn kote nou ta ye jodi a.
Donk, pwoblèm responsablite yon Leta, ki pa chita sou enterè komen, limit sosyo-ekonomimk ak divès pwoblèm kiltirèl lage nou, jodi a, nan Kafou tenten, anfas yon maladi ravajè, ki reprezante yon michan danje. Pandan tou, pa gen konfyans nan Leta a !
Bilan konngout
Nou tounen sou kesyon bilan nan konngout sa a : kisa k kab lakòz sa a ? Petèt, paske mwayen yo pa la. Yo pale sou yon afè 1000 tès disponib, ki santre nan Pòtoprens. Poukisa pa gen mwayen pou fè tès sa a nan tout depatman yo? Èske se menm yon objektif ?
Poutan, moun ki jere kesyon epidemi toujou fè konnen, tès la se yon kesyon estratejik. Kouman w ap fè konnen reyèlman konbyen moun ki malad ? Ki kote yo ye ?
Sa a, se yon enfòmasyon fondamantal. Si li pa disponib, se tètchaje chak moun (anxieté) k ap ogmante.
Fòk Leta jwenn fòmil pou desantralize tès la, pandan li rete fyab.
Se vre tou, nan kontèks jodi a, tès la vin yon mache tou. Yon biyolojis t ap esplike nou sa, lòt jou. La a ankò, èske Leta kab montre li se yon veritab aktè santral, ki kab rive òganize kesyon sa a, san se pa enterè ekonomik yo ki prime, nan kontèks kriz sanitè san parèy sa a ?
Se kapasite lidèchip sa a, nan plizyè dimansyon, Leta a gen pou l montre, san li pa bay siyal se enterè politik klan, ki nan pouvwa a, reskonsab yo ap defann.
Se sa tou k ap fè li parèt serye. Se sa k ap ba li yon nivo kredibilite, ki pral fasilite plis respè pou konsiy yo ak distans sosyal la.
Menm reflèks yo
Dènye kesyon an, solidarite entènasyonal la pa mouri. Nou wè sa nan atitid plizyè peyi, pami yo Kiba ak Lachin. Men kesyon : kisa n ap fè ? kouman n ap fè ?, se noumenm, an premye, ki gen pou reponn yo, pandan nou di tèt nou, nan nivo entènasyonal, se pa fòseman preyokipasyon sanitè yo ki devan.
Oubyen, preyokipasyon sanitè yo p ap chanje otomatikman fason bagay konn fèt. Se sa k fè gen anpil tèjivèsasyon, ki p ap anfavè yon amelyorasyon sitirasyon popilasyon an.
Menm reflèks yo la. Si se pa t sa, se pa yon koperasyon bokit nou t ap wè, k ap devlope. [gp apr 31/03/2020 17:00]